Nan yon nòt pou laprès plizyè òganizasyon denonse pèsekisyon politik kont militan nan Senmak.
Nou denonse ak tout fòs nou pèsekisyon politik ki ap fèt kont yon seri militan nan vil Senmak pami yo plizyè manm òganizasyon LAKAY, MORELIM ak TANBOU PALE. Nan yon òdonans ki soti nan mwa janvye a, jij enstriksyon Ricard Aristilde enkilpe yon trantèn militan politik nan kad yon dosye dechoukay nan Senmak. Òdonans jij la voye sitwayen sa yo jije nan tribinal kriminèl kòmkwa yo ta va nan asosyasyon malfektè, komèt zak ensandi ak piyaj. Kisa bagay la ye ojis?
N ap raple nan mwa sektanm 2022 lè premye minis de fakto a Ariel Henry fè ogmantasyon 128% sou pri gaz la, se tout peyi a ki te leve kanpe pou denonse desizyon kriminèl sa a. Konsa, nan Senmak plizyè jounen manifestasyon te òganize. 16 ak 17 sektanm plizyè santèn milye moun desann nan lari san yo pa t tann modòd okenn òganizasyon, pou te poze zak yo, se te gran jounen anba je la polis.Kontèks la, se te pratikman tout kote ki te gen mouvman nan peyi a aksyon sa yo t ap fèt nan moman an. Apre pil represyon lapolis te fin fè kont yon seri moun swit ak evènman yo, komisè gouvènman nan peryòd la Moïse Deristin sou lòd patwon l yo nan Senmak te lanse yon seri manda dèyè yon bann dirijan òganizasyon. Se konsa dosye a pral nan kabinè enstriksyon epi jij enstriksyon Ricard Aristilde deside kontinye egzekite menm djòb la pou patwon yo nan vil la ak pou gouvènman an plas la. Lè l soti yon òdonans pou enkilpe yon seri sitwayen jis paske yon konn lanse manifestasyon. Sa vle di, an 2024, nan Senmak moun pa gen dwa patisipe ni lanse mouvman kontestasyon. Jij enstriksyon sa a deside pase anba pye dwa konstitisyon 1987 la bay tout sitwayen pou òganize ak patisipe nan rasanbleman jis pou l ka fè patwon l plezi.
Òdonans sa a se yon avilisman pou jistis nan Senmak yon lòt fwa ankò. Jij enstriksyon an moutre tou li ap aji pou fè gouvènman de fakto a plezi. Gade byen nan ki kontèks òdonans li a soti. Se nan moman mobilizasyon ap fèt kont gouvènman de fakto enkapab la. N ap raple, apre jounen mobilizasyon 16-17 yo, patwon nan vil la te deklare mouvman manifestasyon pa gen dwa fèt ankò. Gen yon antreprenè ki te menm deklare sou radyo e n ap site: *”Gen yon nwayo maksis-leninis k ap pran nan vil la, yo dwe detwi l depi nan ze”.* Enben òdonans jij Aristilde la se nan pèspektiv pou anpeche tout gwoup ki gen lide diferan ak patwon Senmak yo eksprime yo. Dayè jij la pa fouti moutre okenn siy ni endis li ta jwenn kont manm òganizasyon sa yo nan aktivite dechoukay ki te fèt nan jou sa a.
Pou fini, nou ap alète opinyon piblik la, li pa dwe kontinye kwaze bra devan zak vagabondaj sa yo yon seri jij ak komisè ap poze nan jistis la nan Senmak. Pandan gang kadriye vil la, moun pa ka bouje ni agoch ni a dwat, mesyedam yo ki nan aparèy jistis la se aktivite pèsekisyon moun pou pozisyon politik yo y ap regle. An 2024 sa pa dwe posib nan sosyete a. Jistis nan Senmak dwe sispann yon enstriman nan men antreprenè ak pouvwa politik.
Kouman yon jij kapab deside bay kèk grenn moun pote zak plizyè santèn milye moun komèt gran lajounen anba je la polis? Se jis ridikil! Li lè pou dan pouri sispann gen fòs sou bannann mi.
Moun ki siyen:
Paul André GARÇONNET LAKAY (Latibonit Kanpe pou Ayiti)
Josué MÉRILIEN Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè
Camille CHALMERS PAPDA (Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif)
Edmond BLANC Konbit Tanbou Pale
Bind SAINT JACQUES KRPN (Kòdinasyon Rezistans Popilè Nòdès)
Me D’johnson ABSOLUS MDN (mouvement des démocrates nationaux)
Jean wilgins CHARLES Esklav Revolte
Mathurin DESROCHES Rezo Òganizasyon Peyizan Tigwav
Origène LOUIS Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Keny BERNARDIN Sekretè jeneral PPN (Pati Popilè Nasyonal)
Reyneld SANON Antèn Ouvriye
Quesnel BRUTUS MOJAK (Mouvman Jèn Aktif Kapotiy)
Jamesnor FEUILLÉ KPAS (Konbit Aksyon Popilè Sid)
Roland FLEURISMAT MITPA (Mouvman pou Inite Peyizan Ayisyen)
Astride NOËL MOPDES (Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolè
Jean Claudy ARISTIL OPE (Obsèvatwa Pou Egalite)
Anol PHYLIDOR TI Soley nan Karis
Pou Otantifikasyon
Paul André Garçonnet : 4319-6245
Nélio Petit-Homme: 3102-9498