Nouvèl Tobout

Pozisyon Plizyè pati politik ak òganizasyon sou popilasyon Kafoufèy la.

0 0

Noumenm, òganizasyon politik, pati politik ak òganizasyon sosyal ki siyen akò 30 dawout la ki pote
non Akò Montana, leve vwa nou byen wo pou nou denonse ak tout fòs nou, masak, zak asasinay ak
vyòl gang telegide PHTK / Kò Gwoup yo pa sispann fè sou popilasyon nan zòn metwopolitèn nan,
espesyalman nan Kafou fèy kote anpil konpatriyòt oblije kouri kite kay yo anba bal asansen. Sa ki pi
estomake nou, se konpòtman konplis ak sinik pouvwa Kò Gwoup / PHTK/ Ariel Henry a ki kite gang
yo ap mache touye, vyole, boule kay moun san kè sote nan kafou fèy, Taba, Latibonit ak anpil lòt zòn
nan peyi a. N ap di yo nou konprann, pwojè gangsterize peyi a, li rantre nan kad yon pwojè global
pou mete pèp la deyò sèn politik la pou pèmèt pwojè dominasyon, okipasyon ak piyaj richès peyi a
fè wout li san pwoblèm, ak konplisite sèten aktè lokal. Se pou sa, tout restavèk lokal k ap dirije leta
a, sila yo ki nan boujwazi a ak nan sektè politik la, toujou fè yon sèl ak mafya entènasyonal yo kont
pèp la. Paske sa ki enterese yo se souse zo pa yo nan piyaj k ap fèt la.
Noumenm òganizasyon siyatè akò Montana ki siyen kominike sa, pwofite okazyon sa a pou voye
senpati nou bay tout moun nan peyi a ki viktim zak kriminèl tankou : asasinay kolektif ak vyòl k ap
fèt nan katye popilè yo, espesyalman nan kalfou fèy ki sibi anpil atak gang yo. Fanm, gason, timoun
ak vyeya blije kite lakay yo sèlman ak rad sou yo pou sove po yo anba zak kriminèl gang yo. N ap
voye senpati nou tou bay fanmi, zanmi ak kolaboratè selèb jounalis, konbatan Liliane Pierre Paul epi
Saico Sévère, Sekretè Jeneral Platfòm Sosyete Sivil Montana ki pèdi lavi li nan lannuit 15 dawout ki
sot pase a anba yon emoraji serebral. Nou pataje lapenn yon fanmi ki pèdi 7 moun nan yon sèl jou
anba zam rejim kriminèl PHTK/ Kògwoup la nan kafou fèy. Sitiyasyon kawo n ap viv nan peyi a
pandan 10 dènye lane yo pote anpil moun ale, sitou sila yo ki gen pwoblèm kè ak tansyon akote
dividal moun k ap tonbe anba bal asasen. Tout moun sa yo, se fèzè kawo yo ki asasinen yo.
Òganizasyon ak pati politik ki siyen kominike sa ap mande pèp la rete vijilan, rejim kriminèl
PHTK/Kògwoup la ap simen laterè nan tout zòn, tout katye ak vil yo pou jistifye yon entèvansyon
militè etranje nan peyi a pou yo kontinye vòlè tout richès nou genyen nan peyi a, patikilyèman
richès nou gen anba tè a.
Pou tout rezon sa yo, noumenm òganizasyon siyatè akò 30 dawout / Montana :
1) N ap kontinye denonse ak tout fòs nou represyon pouvwa Kò Gwoup / PHTK/ Ariel la ap voye
lapolis al fè sou popilasyon an chak fwa yo manifeste kont masak, asasina ak vyòl gang yo ap fè sou
yo. Nan dènye moman sa yo, ni gang ni lapolis pa sispann fè popilasyon Kafoufèy la monte yon
masuife
2) Nou mande pou diferan enstans nan akò Montana a chita prese prese ak diferan aktè ki anndan
ak deyò akò a pou jwenn ansanm wout ki kapab pèmèt nou rezoud kriz politik ki donnen ensekirite
pwograme n ap viv la a.

3 ) Nou mande tout popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, pou pote kole ak
popilasyon Kalfou fèy la epi ak tout lòt zòn k ap mobilize kont ensekirite pwograme a ak pouvwa
kriminèl PHTK / Kò Gwoup la ak tout konze k ap sipòte yo.

Aba tout tantativ pou ranfòse okipasyon nan peyi a !

Viv lit pèp la !
Viv yon tranzisyon koupe fache !

Oganizasyon ki siyen yo se :

  • Pati Popilè Nasyonal (PPN) / Kenny Bernadin
  • Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo / Josué Mérilien
  • Kòwòt Patriyotik / Francisco Alcide
  • AMC-Haiti / Witchner Ormeus
  • Blòk Defansè Akò Montana (BDA) / Louis Jeune Jn Raymond
  • Sèk Gregory Saintilaire / Cilien Luxénat
  • Latibonit Kanpe Pou Ayiti (LAKAY) / Rigaud Vélumat
  • ZOULA / Pierre Dieudoné Delice
  • Plateforme D’Organisations Pour l’Ideal Boisrond Tonerre (P.O.I.B.T) / Hugues-Kapè
    Mondesir ak James Francisque
  • FOS-N-157 / Saint-Louis Kesnail Joseph
  • Mouvman Ayiti Kanpe (MAK) / Frandy Jasmin
  • Platfòn Nouvèl Ayiti (PNA) / Valery Coquillon
  • Fanm Vanyan / Francia Félix
  • Mouvman des Démocrates Natiaunaux (MDN) / Absolus D’johnson
  • Inisyativ Sitwayen Pou Sove Ayiti (ISPA) / Iswick Théophin
  • Organisation Des Droits Humains Pour la Gestion des Ressources Humaines (ODDGHEREH) /
    Antoine Wilphis
  • Fòs Delma 32 / Clerveaux Fritznel

Pou otantifikasyon

Josue Merilien (36670798) Francisco Alcide (34287478/ 43990078)

Kenny Bernadin ( 37066372 )

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %