Nouvèl Tobout

Inivesite Popilè Mekredi 31 Me 2023 nan Labòd Okay.

0 0

Nòt Deklarasyon Labòd, 31 me 2023 ki soti nan mitan divez oganizasyon nan gran Sid nan kad Inivesite Popile nan Labod Okay ki reyalize Madi vin Mekredi 31 me 2023

Nou menm, òganizasyon peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon popilè ak òganizasyon jèn nan 4 depatman ki nan Grand Sid la, nou te reyini nan dat 30 ak 31 me nan twazyèm seksyon Labòd ki nan komin Okay pou brase lide sou tèm «Mwayen patisipasyon sitwayen yo nan politik peyi a : teren batay ak rapò fòs ».Gwo rankont pataj eksperyans ak brase lide sa fèt nan kad Inivèsite popilè ICKL, ITECA, PAJ, PAPDA, SAKS ak SOFA ap òganize nan peyi a. Pandan 2 jou sa yo, gen yon ventèn òganizasyon ak rezo òganizasyon nan 4 depatman Gran Sid la ak nan komin Tigwav ki te prezan nan rankont sa. Atelye sa a te pèmèt nou reflechi sou sitiyasyon peyi a, reyalite batay la ak aktivite ekonomik peyizan yo ap mennen sou teren an. Ansanm pataj eksperyans ak refleksyon nou fè yo pèmèt nou konstate :

1) Peyizan yo ak rès popilasyon nan Gran Sid la toujou nan tèt chaje depi tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Anyen pa fèt pou wete peyizan ki viktim yo anba tant. Peyizan yo pa jwenn ankadreman pou relanse agrikilti ak elvaj yo. Menm dlo peyizan yo pa gen pou yo bwè nan plizyè komin nan gran Sid la.

2) Leta pa fè anyen pou debloke wout Matisan an ki koupe Gran Sid la ak rès peyi a. Sa lakoz pwodui peyizan yo rive sove yo paka rantre nan Pòtoprens. Se nan gwo malè pandye anpil ti machann ap pase anba bal pou pote kèk pwodui al vann nan Pòtoprens. Blokaj wout nasyonal yo ak monte pri gaz la ki pa menm disponib nan ponp yo, lakoz pri pwodui yo pa janm sispann grenpe.

3) Gwo babin lokal ak entènasyonal, bandi ak kòl ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo nan plizyè depatman nan peyi a pou fè zòn franch ak agwo endistri. Nou pa dwe bliye batay peyizan Ilavach yo te mennen kont mafya gwo pòch ki te vle pouse do yo mete deyò sou zile a sou rejim PHTK a.

4) Gen gwo nesesite pou òganizasyon ak pati konsekan yo marande fòs yo ansanm pou wete peyi a anba grif malfini lokal ak entènasyonal yo. Pou tout rezon sa yo, nou menm òganizasyon sila yo ki soti nan Gran Sid la, nou pran angajman pou nou travay ansanm pou nou kontinye batay pou wete peyi a nan sitiyasyon atè plat « kominote entènasyonal » la ak boujwazi a mete l la. Nou

pwofite okazyon sa a pou nou voye yon gwo kout chapo pou popilasyon nan divès zòn nan peyi a ki leve kanpe pou dechouke gang ak sapat yo. Nou mande popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye leve kanpe pou dechouke gang gwo babin ki nan boujwazi a ak nan tèt leta a ki nan tete lang ak gang ak sapat yo.

Pise gaye pa kimen ! Viv bonjan inite nan kan pèp la !

Oganizasyon ki siyen deklarasyon sa a :

Sid – Platfòm Oganizasyon Peyizan Baradè Kavayon / POPBAK

– Rezo Oganizasyon Peyizan Dori / (Manich

– Konbit Peyizan Ilavach / KOPI

– Mobilizasyon Peyizan San tè Sid / MOPSATES

– Mouvman Pou Libète ak Byennèt / Moun LIB

– Oganizasyon Lave je Koray Anri (Senlui) / OLAJEKA

– Konbit Popilè Aksyon Sid / KPAS

– Coordination des Organisations Pour le Changement de

Cavaillon / COCC

– Rasanbleman Fanm pou Pwomosyon Awondisman Aken /

RAFPAA

Grandans – Fwon Patriyotik Popilè / FPP branch Grandans

– Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) – Grandans

Nip – Rezo Oganizasyon Peyizan Baradè / ROPEB

– Kòdinasyon Oganizasyon Rejyonal Nip / KORENIP

– Konbit Peyizan Nip / KPN

Sidès – Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès / KROS

– Rezo Oganizasyon Marigo

– Solidarite Fanm Ayisyèn / SOFA sidès

– Viv Espwa Pou Devlopman Kapwouj / VEDEK

Tigwav – Rezo Oganizasyon Tigwav

Pou otantifikasyon :

– Marie Guerda Jérôme (Sidès) / 38758966

– Blandine Signé (Grandans) / 43157094

– Daniel Sanon (Nip) / 36712303

– James Francisque (Sid) / 40133420 / 37909

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %

Average Rating

5 Star
0%
4 Star
0%
3 Star
0%
2 Star
0%
1 Star
0%

Laisser un commentaire