Nouvèl Tobout

Yon manifestan mouri ak 3 lòt blese anba bal Lendi 5 Fevriye 2024 la.

0 0

Yon manifestan mouri anba bal ak anviwon 3 lòt blese anba bal nan manifestasyon ki t ap fèt kont pouvwa Ariel Henri a.

Ensidan sa pase nan Vil Okay, bò 1 nè nan aprèmidi Lendi 5 Fevriye 2024 la, nan kwa 4 chemen Okay la.

Kèk manifestan akize kò UDMO a ki fè zak sa yo. Polisye yo tire sou manifestan yo nan moman yo te rive nan won pwen 4 chemen an.

Jèn gason ki mouri a rete pou n konnen kiyès li ye. Moun ki blese yo se: Louis Ivensky yon bal nan pye, Dimy ensi koni, yon bal nan vant, Pilorge Joseph, yon bal nan pye.

Touswit aprè ensidan an, manifestasyon an, kraze.

3 blese yo ap pran swen nan sal Ijans Okay la pou kounye a.

Moun ki mouri a gen kèk manifestan ki t ap tante pou pran kadav la, gen lapolis ki te anpche sa nan moman an. Pou kounye nou pako konnen kouman sa fini.

Manifestan yo kritike konpòtman polisye sa yo, konsa y ap tann pou polisye sa yo pini jan lalwa prevwa sa.

Se pa jodi a, manifestan ap leve vwa yo kont mòd krim sa yo, kote, responsab yo pa janm fè swivi enpòtan pou viktim, paran viktim, sosyete a an jeneral jwenn jistis tout bon vre.

N ap mande, jis ki lè dirijan yo ap bay jistis jan lalwa deside sa?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %