Nouvèl Tobout

Arestasyon Mirtyle Marcelin alyas Arab nan Okay.

0 0

Arestasyon Mirtyle Marcelin alyas Arab maten Lendi 12 Fevriye 2024 depase 9 vè nan maten nan lokalite Demapou vil Okay. Nan moman li te nan machin Maisoneuve ansanm ak yon lòt moun, se Maisoneuve ki t ap kondwi.

Se moun ame abò pikòp delege Sid la Me Ketnort Estinvil ki arete li.

Pou kounye a, Arab nan komisaya Okay la.

Selon tout enfòmasyon yo Otorite yo nan Okay ta prezante yon manda komisè gouvènman Pòtoprens nan te mete deyò pou arete Arab bay Kazèk Maisoneuve. Se sou baz sa komisè Okay la Ronald Richemond ta arète Mirtyle Marcelin alyas Arab.

Nou te ale nan komisaya Okay la pou konnen motif arestasyon an, anviwon 5 ajan UDMO ki devan bayè a te anpeche nou antre. Yo fè nou konnen tout administrasyon fèmen nan moman sa, rive jis Jedi 15 Fevriye 2024.

Konsa, genyen jounalis yo ak defansè dwa moun nan Okay, an jeneral ki pa genyen aksè tou pou yo antre nan komisaya. Yo tout te gonfle devan kloti komisaya.

Nou ap mande èske Ayiti pou kounye a li nan estasyèj?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %