Nouvèl Tobout

Ariel demisyone

Fòk Ariel demisyone pou lajistis ka fè travay li.

0 0

Nan yon nòt pou laprès jounen 7 Dawout 2023 a, Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo mande demisyon ARIEL HENRY.

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo ap suiv ak je li byen kale, ankèt k ap mennen sou
dosye Jovenel Moise la ak divès lòt ankèt k ap make pa sou plas sou krim san ak krim finansye ki fèt
sou rejim PHTK diferan vèsyon yo . Se vre Jovenel Moise se yon asasen ki te toujou fèmen je li sou
masak ki t ap fèt nan katye popilè yo ak krim ki t ap fèt kont divès pèsonalite politik, entèlektyèl,
jounalis ak lòt sitwayen nan sosyete a. Men sa pa vle di pou limyè pa fèt sou dosye li a. Nou nan
KONBIT la, nou te batay kont Jovenel, men nou pat batay pou se asasen ki ranplase asasen.


KONBIT la aprann jij Walter ki sou dosye Jovenel la mande PM defakto Aryel Henry ak plizyè minis ak
direktè jeneral nan pouvwa defakto a pou yo vin bay esplikasyon sou asasina Jovenel Moise la.
KONBIT la swete envitasyon sa yo se pa yon teyat anplis pou eseye blanchi sèten moun ki gen non
yo site nan dosye a. Nou deja konstate gen plizyè moun ki soti nan kabinè enstriksyon ki vin santi yo
pi konfòtab apre yo soti devan jij la.


Nan sans sa a, KONBIT la mande demisyon gouvènman defakto Ariel Henry a, pou fasilite bonjan
dewoulman diferan ankèt k ap fèt sou krim finansye ak krim san ki fèt sou diferan vèsyon pouvwa
PHTK yo. KONBIT la kwè, pa gen okenn posiblite pou gen yon jistis k ap fè travay li kòrèkteman lè se
kriminèl, mafya ak dilè dwòg ki pran leta a annotaj. Se pou sa, demisyon oubyen depa Aryel Henry
ak ekip li a, se yon kondisyon endispansab pou dosye jistis yo vanse epi pou kriz la rezoud. Pagen
okenn moun ki gen enterè nan siye yon branch bwa li chita sou li. Se nan sans sa a, KONBIT la pa
kwè nan pawòl k ap di Ariel Henry dwe fè pati solisyon kriz la. Solisyon kriz la se demisyon oubyen
dechoukaj pouvwa Kò Gwoup-Ariel-Mateli-SDP-Fizyon an.


Se pou tout rezon sa yo, KONBIT la ap kontinye mande popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan
dyaspora a, kontinye kenbe mouvman bwa kale a epi kontinye mobilize pou nou jwenn depa
pouvwa Kò Gwoup, PHTK ak alye yo.

Pou KONBIT la
Josué MERILIEN

Guy NUMA
Patrick JOSEPH

Jean Paul BASTIEN

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %