Nouvèl Tobout

Enviwonman

Mangòv Latoutrè l ki mezi ? Dekouvri vrè vizaj Otorite yo.

Se nan festival yon seri jèn agwonòm nan Sid ap fè sou plaj Latoutrѐl Vandredi 18 Avril 2025 aprèmidi, kap pèmèt RAE kontinye ap demaske otorite yo ki pa serye nan mezi yo te di y ap pran pou pwoteje mangòv Latoutrѐl la. Konsa, gen Ministè Anviwonman Sid la ak Meri Okay ki te anvizaje kraze tout yon seri kay k ap konstri nan mangòv la, anpeche lòt ki ta sou wout konstwi, ak entèdi tout aktivite ki prevwa konble mangòv la ak dechè. Sa gen anviwon 2 mwa depi yo te fè pwomès sa, aprè debakman yo te fè sou plaj la sou kri popilasyon Okay la.

Depi lè a, anyen pa janm fèt, popilasyon an yon lòt fwa alète Otorite yo sou pwomès yo ki pa respekte ak pou di: gen konstriksyon kay yo k ap kontinye ak mangòv la, komite plaj la kontinye ap ranbleye li.

Nan fason sa, wa sezi wè majistra Daphné France ki pran lapawòl nan festival sa pa menm abòde kesyon sa nan entèvansyon li an, poutan sijè ki t ap debat la te mansyone aspè mangòv ki se eleman esansyèl nan lavi imen ki dwe pwoteje.

Yon lòt bò agwonòm Regis ki afekte nan ministè anviwonman pale sou presyon k ap fèt sou mangòv nan Senjandisid, sou zon kot la, li pa pale presyon k ap fèt sou mangòv Latoutrѐl la.

Nou ka mande ki kalite konpòtman sa, pou ki tout prekosyon sa, lè yo pase sou silans kounye a, kesyon presyon k ap fèt sou mangòv Plaj Latoutrѐl la?

Sa ki pi rèd la, entèvansyon dirijan yo te gen pou fè yo pako janm fè a pou pwoteje mangòv la, se paske dirijan yo deside regle koze yo lòt fason.

Nou jwenn enfòmasyon dirijan yo pi presizeman Ministè Anviwonman Sid la te rankontre sou sa, yo antann yo pou yo pa kraze kay, yo te anvizaje kraze yo, kounye a y ap gen pou diskite ak FRAGER pou li kouvri depans griyaj yo deside pase dèyè kay sa yo, moun te anvizaje konstwi a, pou bay limit yo parapò a mangòv la.

N ap mande èske FRAGER ap kore pozisyon malveyan, malonèt dirijan Okay yo nan zafè sa, ki, vize disparisyon pèp Okay la pi devan?

Selon, menm sous la toujou, nouvo mezi sa, se estrateji otorite yo itilize pou pwoteje zanmi, kòlèg yo ki se mèt konstriksyon kay sa yo ak anplasman pou konstwi kay pi devan. Anplis, gen kèk nan Otorite, osinon, anplwaye kèk enstitisyon konsène oubyen koutye Otorite yo k ap resevwa kout lajan anba chal.

Nan sans sa gen non Samil ensi koni ki se anplwaye meri Okay la ki ta site kòm moun ki pran lajan nan men Dyo ensi koni pote bay chèf li pou konstriksyon te kapab kontinye, pou nou di: sesa ki fèt la depi semenn pase. Antretan pou plis limyè sou sa, nou gen pou n rankontre ak Samil plis majistra meri a.

Kisa, popilasyon Okay la t ap tann serye bò kote Chérisier direktè depatmantal Ministè Anviwonman Sid? Sitou, lè prensipal aktivite li se achte pyès tè pou l revann ti moso pa moso pou lotisman. Sanble, mesye, dam ki nan jan aktivite sa yo, san referans pou kèlkelanswa tèren an. Ke li te zòn pwoteje ou pa, ke li t ap mete lavi andanje ou pa. Sa ki detèminan pou yo se fè lajan nan nenpòt ki kondisyon.

Anplis, ou pran yon nèg konsa ou mete li direktè anviwonman, si li pa menm avè w ki mete li a, sa ou voye l al fè la? Se pou di nou.

Meri Okay la, menm, tout moun konnen deja se pwofesyonèl nan make kay ademoli pou l mèt yo bwote lajan ba yo pou negosye sa, aprè kay la kontinye konstwi sou menm grafiti ademoli a. Konsa, nou pa ta ka espere genyen bagay pi bon pase sa ki t ap fèt ap majistra Daphne, Petuel, Enorck, lè non yo pa sispann eskandalize nan koripsyon andan meri a.

Li rete kounye a pou delegasyon Sid la, pwouve diferans li, nan fè tout sa lalwa mande pou pwoteje mangòv plaj Latoutrѐl la. Si li pa deja pran wout move zafè menm jan ak lòt dirijan yo?