Fatima judith larrieux alyas Sacha mouri jedi louvri vandredi 21 dawou 2026 la, nan vil Okay. Pako gen enfòmasyon klè sou koz lanmò sa. Sa ki di deja, se dòmi li al dòmi nan aswè jedi a, epi, li pa leve nan vandredi. Avan li mouri a, li pa te prezante okenn malèz.
Konsa, genyen sèvant nan ki dòmi ansanm avèk li, yo jwenn li nan kabann li, li pa ka pale, kò li anfle, chaje boul sou po li, se kouri ale lopital ak li pou swen. Antretan, bwi lanmò sèvant nan ap kouri. RAE, pako anmezi pou konfime, èske sèvant nan mouri tout bon vre.
Kèk moun, rapòte RAE, ki fè vwazinay vin konnen moun yo pa leve, se lè elèv lekòl li abitye bay leson, vin pran leson nan maten vandredi a, yo t ap frape pòt, pòt pa te louvri, pesonn pa te reponn. E, se apati desa yo menm, yo fè mannèv, louvri pòt, epi, yo jwenn moun yo kouche, yo souke tou 2 moun yo, se sèvant nan ki fè mouvman ak kò li, men Sacha li menm pa fè okenn mouvman, se lè sa yo reyalize, Sacha se mouri li mouri.
Sacha, se nan menm jedi 20 dawou 2026 la, li te vin abite nan kay sa ki nan 2 zyèm granri, Estenyo Vensan, Okay, Sid Ayiti.
Kay li fèk vin abite ladann nan, se kay paran li. E, li fèk genyen nan pwosè kay sa, parapò ak kèk lòt endividi ki nan kominote a, ki t ap chache pran kay sa nan fason louch, nan men paran li, selon sa kèk kiye rapòte RAE.
N ap souliye, se vire tounen nou jwenn nan dènye lane yo la, moun nan pwosè nan lajistis pou endividi k ap anvayi kay osinon tè lòt moun deja okipe.
Sa rive anpil fwa kèk nan entèrese yo pèdi lavi yo pou sa, swa pa bal, kout manchèt oubyen pwazon.
Li entèresan pou lajistis mennen bon jan ankèt prese prese, pou li fè limyè sou sa ki pase a.
