Nouvèl Tobout

Direktè Radyo Ayiti Egalite

Ankò! lapolis fè vyolans sou direktè RAE a, ak, responsab O P E a, Jean Claudy Aristil.

Se bò 2 zè aprèmidi 10 dawou 2026 la, lapolis administratif ki atache nan biwo pòs kat chemen Okay la, yo fè vyolans fizik, sou Jean Claudy Aristil ki se direktè Radyo Ayiti Egalite (RAE) ak, responsab Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) ki se yon òganizasyon dwa moun nan Okay. Kote, polisye yo trennen li, apati de cheve li, peze kou li, pouse li antre defòs andan biwo pòs la. Pou kounye a, Jean Claudy Aristil nan move eta ak gòch li, ki, ap fè l mal, ak, li gen difikilte pou li vale saliv li.

RAE, O P E ansanm ak Jean Claudy Aristil, menm aprèmidi a, deja kontakte jij ak lopital ki kopetan pou sa pou eseye jwenn yon sètifika medikal, pou depoze plent pi devan pou agresè yo.

RAE ak O P E ap raple popilasyon an, pou senpleman anviwon yon mwa, ki donk soti mèkredi 22 jiyè vin 10 dawou 2026 la, RAE ansanm ak O P E genyen 2 manm yo ki viktim vyolans fizik ak agresyon vèbal anba men polisye nan Okay, nan kad travay yo, kote yo t ap eseye pran imaj sou entèvansyon otorite yo t ap fè bò kote popilasyon an. Nan premye tan, se te repòtè RAE a Jocelyne Thessa. Ak nan dezyèm moman an se direktè RAE a, anmenm tan ak responsab O P E a, Jean Claudy Aristil.

Li enpòtan pou nou souliye nan ka Jean Claudy Aristil la, kisa ki pi espesyal lè lapolis te deside anlve osinon kidnape li a. Li kesyon, chèf depòs biwo kat chemen an ki se vwazen ak ladiferans bòlèt la, di: << se sou demann responsab ladiferans bòlèt ki anonse li, RAE ap pran imaj lokal li >> Sa ki pi rèd la, se lè responsab ki di: li se responsab ladiferans bòlèt la, mande direktè RAE a, pou li efase imaj ladiferans bòlèt li gen sou kamera li a ( telefòn ) souple anprezans chèf depòs la wi. Lè direktè RAE a, mande mèt bòlèt la diferans nan kòm sesa li di li se mètbòlèt la, omwen pou l bay non li ak, pou li di san demagoji ki pòs li okipe, la pou la chat pran lang li, epi li disparèt menm kote a.

Kounye a ki te RAE poze kesyon sa: pou kisa makonaj sa ant lapolis ak ladiferans bòlèt? Pou kisa lapolis foure kò li 17 longè nan kesyon sa?

Poutan, nou wè direktè RAE a, ak responsab O P E a, t ap eseye pran yon vi jeneral sou travay debleye twotwa nan zòn sa, nouvo katèl meri a di: l ap fè pou fasilite Pyeton yo genyen plis aksè pou li si kile.

Kèk ti kesyon toujou: ki enfraksyon jounalis la komèt nan kad repòtaj sa?

Èske se paske li t ap eseye pran imaj kache kote genyen yon chenn ki mare nan 2 poto sou twotwa ki pase devan ladiferans nan, ak, machin anplwaye ladiferans bòlèt la ki kontinye itilize twotwa sa kòm pakin, ak, ki, toujou bloke pyeton yo pou gen aksè lib ak espas sa?

Kisa kèk moun ki soti andan ladiferans bòlèt t ap vin eseye fè, lè yo t ap kouri vin sou repòte a, lè repòtè a brandi kamera sou yo, mande yo kisa yo vle, yo kouri fè bak?

Pou kisa meri a ap fè pwopagann l ap debleye tout espas twotwa ki okipe, e, souple pou kisa espas sa pyeton toujou pa gen aksè a li, menm lè meri a ta swadizan di li debleye li?

Kòm nou kapap wè li, lapolis nan Okay se chak jou pi plis l ap atake ekip jounalis ak pèsonèl radyo RAE nan kad travay yo, sitiyasyon sa mete anpil panik nan lavi jounalis yo ak menase travay yo.

Direksyon RAE ak O P E konstate lapolis nan Okay pase anba pye atik 28 rive 28.3 konstitisyon Ayisyen an ki pwoteje jounalis yo ansanm ak travay yo. Ak, ki defini tout rekou popilasyon an genyen si tout fwa yo ta santi yo viktim nan kad travay jounalis la.

Apati, de zak sal sa yo, RAE ak O P E di: se siy kote lapolis nan okay ap chache mete baboukèt nan bouch jounalis yo, pi presizeman sila RAE. Nan sans sa RAE ak O P E ap mande ak, ap kontinye mande pou direktè lapolis la, mete nan pi brèf delè posib tout polisye sa yo adispozisyon lajistis, lè tribinal yo fè apèl a yo menm.

Y ap mande pou popilasyon an akonpaye RAE ansanm ak O P E nan kad batay sa y ap mennen pou limyè jayi sou tout sa k ap fèt nan kominote a ak rès peyi a.

Viv libète laprès ak asosyasyon aba baboukèt sou kèlkeswa fòm nan.