Nouvèl Tobout

Kenssa j

Bandi asasinen Kenssa Joseph bò 11zè nan maten jedi 13 dawou 2026 la.

Bandi asasinen Kenssa Joseph bò 11zè dimaten jedi 13 dawou 2026 la. Bandi a bay li you bal nan vant, nan lakou lakay paran li menm. Papa li te kori nan lopital avèk li, pou eseye sove lavi li, li pa te pran twòp tan pandan l ap resevwa swen an pou li trepase.

Zak sa fèt nan ri lapwent, site Charles Viré, dèyè fò Okay, Sid, Ayiti.

Ensidan sa rive nan moman papa li ki rele Jean Wilner Joseph alyas Renel t ap defann tèt li kont Jeff ensi koni, cheve li trese ak yon lòt endividi yo pa idantifye ki te anvayi pwopriyete li ki se lakou kay li pou yo mete li deyò sou li.

Gwoumen te pete menm kote a la, se nan moman sa Kenssa Joseph ki se pitit fiy Jean Wilner a antre nan mitan pou li di papa li kite sa, e, se lè sa endividi ki te akonpaye Jeff la tire bal epi, se Kenssa ki pran bal la.

Apre bandi yo fin fè krim nan yo pran motosiklèt yo, yo pran lafwit. Selon papa viktim nan, bandi ki tire pitit li a, te pote ale yon manchèt li te gen nan men li, nan komisaya Okay la. Li ta fè remake Jeff la se nan zòn nan l ap viv.

Lòt moun RAE ta kontakte sou bandi ki fè zak sa, kiyès yo ye? Kèk nan yo ta fè konprann moun ki tire Kenssa menm se ta yon polisye ki pa abiye ak inifòm lapolis la.

Jean Wilner Joseph reyalize, se moun ki vann pwoprite bay li ak Josette Borgella ki se yon polisyè ki achte yon kay nan men menm moun sa ki pataje menm lizyè tè ak li a, ki manipile krim sa.

Paske, jou avan yo, te gen anpil diskisyon sou wout ki pou mennen Josette lakay li, ki, pase sou tèren Jean Wilner te achte nan moun sa ki rele Frank ensi koni ki te vin vann pi devann bay Josette la kay kote Josette ap viv la. Ki donk, Jean Wilner pa te dakò ak sa, li monte kloti li sou lizyè li, ak li mete bayè li pou sekirize byen li.

Aprè plizyè monte desann Franck ki vann bay tou 2 moun yo, pou mande Wilner retire bayè li mete a ak kraze kloti a, li jwenn refi Wilner sou sa. Epi, Wilner fè li konnen pòsyon tèren sa fè pati kantite tè li te achte nan men li, li prezante l papye tè a kòm prèv ki pwouve sa. Wilner te di li, si li vle wout Josette la pase sou pwopriyete li a, se vann pou li vann li bay li. Men Franck pa te deside antre nan lojik pou li achte a. Frank te pito fè Wilner pwomès l ap regle ak li.

Èske sa ta vle di krim ki fèt jedi a la ta genyen pou wè ak pwomès ki te fèt avan yo?

Rosemite Marcelin manman Kenssa Joseph kòd nan senti li ap rele anmwe, enkonsolab depi apre krim nan.

Viktim nan gen anviwon 2 lane depi li diplome nan syans enfimyè.

Nan sans sa, klima ensekirite a, pa sispann fè pale de li nan 3 zyèm vil peyi Ayiti.

Konsa, n ap mande ki lè non polisye a sispann site nan zak kriminèl nan depatman Sid la?

Ak, ki lè tou, otorite yo ap poze bon jan aksyon pou trennen koupab yo lajistis, pou mete fen ak enpinite a?

Voir moins