Franck Mercier se premye sispèk lapolis arète nan kad dosye asasina Kenssa Joseph, ki, te tonbe anba bal bandi nan lakou lakay li Jedi 13 dawou 2026 la.
Se menm jedi a, bò 10 zè diswa, lapolis arete Franck mercier a lakay li, nan zòn dèyè fò. Konsa, lapolis ta sanble sezi yon zam li ta jwenn nan kay la.
Franck mercier, se li ki te fè Jean wilner Joseph papa viktim nan, Kenssa Joseph, pwomès l ap regle avèk li a, si li anpeche li itilize lakou li a pou fè wout ki pou kondwi polisyè Josette Borgella lakay li, ki se yon lòt moun Franck te vann kay bay li ki pateje menm teren ak Jn Wilner Joseph te achte kèk tan nan men Franck tou.
Kounye a, lapolis ta rete pou li arete Jeff ensi koni ak youn lòt endividi pèp dèyè fò idantifye kòm polisye ki te san inifòm ki te ansanm ak Jeff nan asasinen Kenssa Joseph la. Gen lòt kiye ki fè kwè menm se polisye san inifòm nan ki bay viktim nan bal nan vant nan.
N ap tou pwofite mande: pou ki komisaya okay la, pa te tou kenbe 2 mesye sa yo ki te pote manchèt nan komisaya touswit, aprè asasinay la, sizoka taka sa opinyon piblik ta fè kwè sou sa. Se nan komisaya, yo te pote manchèt Jean Wilner Joseph te gen nan men li pou li gwoumen anfas 2 bandi ki touye pitit li a.?
Answit, lapolis rete tou, pou li ta envite polisyè Josette Borgella ki te nan demach pou li jwenn wout sou pòsyon tè Jean Wilner a pou li antre lakay li. Sou baz, pou li di: kisa li konnen sou krim sa.
Èske, li pa t ap enteresan tou, pou lajistis envite meri okay la, pou li bay eksplikasyon, nan ki kondisyon, ki fè kay sa pa gen wout pou moun rive ladann li?
Paske, selon lwa kominal la, sa pa ta dwe fèt, e, se meri a ki genyen responsabilite pou sa pa fèt.
Kite priyè, ann pran kantik. Kounye a, n ap mande: kiyès ki Franck Mercier a? Ak ki akwentans li genyen ak lapolis?
Antouka, men sa nou jwenn. Sou kiyès ki Franck Mercier a, jenòm sa se moun ki nan zafè lotisman, sa ta vle di: li achte pyès tè, aprè li vann yo pa mòso pou moun konstwi. Oubyen, li konstwi kay tou, li vann, li mete nan fèm. Nou ta ka mande ta sa yo ki tonbe aba kontwòl li yo, ki tè yo ye? Èske se tè leta, èske se tè foure men pran?
Answit, nou jwenn mesye sa, gen relasyon lapolis ki pou entèveni pou li, li pa soufri pou sa. Nou ka mande pou ki rezon lapolis rapid konsa lè se pou Franck. E, kouman fè li toujou diferan pou pi fò popilasyon an? Epi, nou ta kapab mande ki mòd ntèvansyon konsa lapolis konn al fè pou jenòm nan?
Sa pa rete la, Franck genyen relasyon meri a, ak DGI ki toujou fasilite li tranzaksyon rapid, osinon men leve pou li dirije aksyon li yo.
Sa nou rete pou nou konnen: èske yo fè tout sa gratis pou li?
