Nouvèl Tobout

Atache ansyen komisè Richemond kite dèyè, kontinye ap fè move zak sou popilasyon sid la,

Nan apremidi dimanch 7 jiyè 2024 la, yon atache ansyen komisè Richemond ki pote non Jackson Dena alyas depite, kase tèt Jean Gardy Percy alyas ASSAD ak kout zam bò 2zè 45 nan apremidi.

Zak sa pase nan lokal lekòl Sen Franswadsal ki nan pawas Kafoujout nan komin Senjandisid. Dapre plizyè sitwayen nan zòn nan se komisè Richemond menm ki te ame Jackson Dena. Sitwayen nan zòn nan fè konnen Jackson abitye travay tou pou Delege Sid la ki se Ketnor Estinvil.

Dapre pè Yves Edmond ki se kire pawas Kafoujout la, zak sa sanble yon pwovokasyon. Dayè, endividi a poze zak la andedan yon lekòl. Alòske espas lekòl yo envyolab.

Plizyè sitwayen nan zòn anvizaje pote plen kont endividi sa ki poze zak la. Sitwayen nan zòn nan deja enfòme Komisarya Pòsali a paske lekòl la sou jiridiksyon Pòsali.

N ap raple se pa premye fwa non atache sa site nan fè move zak nan depatman Sid la. Anpil moun te panse atache Richemond yo t ap fè yon poze apre Revokasyon komisè a. Dapre plizyè temwayaj nou jwenn, malgre revoksyon an dousè komisè Richemond, atache k ap travay pou li ak delege depatmantal la toujou an aksyon.

Depi Kafoujout / Guy Numa