Gwoup Refleksyon ak Rechèch (GRR) Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè (CE-JILAP) inisye depi plis pase 20 lane nan peyi a, nan dat ki te 31 janvye 2025 lan, te reyini ak kèk patnè nan Pastoral Sosyal Legliz la, tankou: KIWO, JOUNAL BON NOUVÈL, JEK, JILAP-ACHIPO, EMISYON POU YON LÒT KALTE SOSYETE ak kèk lòt patnè nan sosyete sivil la, tankou ECC, POHDH, KOZE JÈN YO ak CRAN, sou PWOBLEMATIK JÈN YO, ESPESYALMAN TIMOUN YO NAN PEYI A KI RANTRE, VOLONTÈMAN OUBYEN ENVOLONTÈMAN, NAN GWOUP AME YO EPI KI PRAN CHEMEN VYOLANS LAN AK KRIMINALITE A TOU. sa a ki ba nou gwo enkyetid ak tèt chaje.
Nou remake se pakèt pwoblèm fanmi yo genyen, se destriksyon enstitisyon yo ak inegalite sosyal yo ki fè anpil jèn pèdi wout yo pou antre pran chemen delenkans ak kriminalite. Legliz yo, malgre moyen limite yo, fè sa yo kapab, yo envesti yo anpil nan sektè edikatif la. Sepandan, lekòl yo limite tou nan kapasite yo. Menm si legliz yo transmèt; men se toujou Leta a ki dwe gen politik edikatif solid ki kapab bati bon pwogram eskolè pou anpeche jèn yo, sitou timoun yo rantre nan aktivite malonèt.
Lèt tou louvri sa a se pou atire atansyon otorite yo sou sijè sa a, paske Leta pa jwe wòl li kòm sa dwa nan sosyete a. Li demontre kareman li pa pran jèn yo, espesyalman timoun yo ki se lavni nasyon an an konsiderasyon. Se kòm si Leta pa panse peyi a ap gen bezwen yo demen.