Radyo Ayiti Egalite (RAE) selon rezilta pasyèl ankèt li mennen nan jou pase yo la nan vil Okay, sou sa ki ta touye pwofesè Fatima Judith Sacha Larrieux nan kabann lakay li, vandredi 21 dawou 2026 pandan nan nwit nan. Kote, li te al dòmi li pa reveye a.
Sou tout sa ki t ap di sou koz lanmò sa, kòm kwa se mistik lòt moun li te nan pwosè tè avèk li, itilize pou touye ye li. Oubyen, se dyab nan fanmiy li ki manje li. 2 vèsyon sa yo ta parèt fèb pou RAE parapò yon 3 zyèm vèsyon nan dosye sa.
RAE, wè vèsyon ki fè plis sans, ke moun ka konsidere nan moman an, se vèsyon se gaz kabonik osinon dioksid de kabòn (co2) ki anvayi chanm Sacha ap dòmi a, ak chanm sèvant nan ap dòmi a. Paske, dèlko yo t ap itilize a, bò 9 vè diswa, pandan yo la, se nan yon chanm ki andan kay la yo te mete li.
Answit, vin jwenn odè penti ke yo te fèk pentire kay la nan jou yo t ap antre vin abite à, ki te anvayi yo.
Lòt bagay toujou, Sacha se you moun ki asmatik.
Mete sou sa, kay sa pa byen ayere.
E, daprè lasyans sou:
a) kesyon dèlko a, ki ouvè andan kay la, sitou, kay la ki pa byen ayere a, gen posibilite pou pa jwenn oksijèn akoz prezans gaz kabonik ki anvayi kay la, ki, vin anpeche ou respire. Sa ap fè ou vin gen pwoblèm tèt fè mal, ou endispoze, epi, ou mouri.
b) kesyon penti a, lè li frèch ou respire li, li bay ou vètij sitou, nan espas ki pa byen ayere yo, li ka touye ou menm kote a. Paske, an jeneral penti yo toksik.
Sa vle di: posibilite pou se sa ki touye Sacha Larrieux a, li la. Ak, posibilite pou sèvant nan li menm, li te endispoze a, jistan se lopital jeneral Okay li te vin rekonèt moun apre yo te mennen li pou li apran swen an, li la tou.
Konsa, fòk nou di: nan zòn Delma, nan depatman lwès, peyi dAyiti, nan yon otèl gen yen plizyè moun ki te mouri toufe ( asphixie) koz dioksid kabòn ki te anvayi espas la, paske travayè otèl la te itilize dèlko nan lokal nan espas ki fèmen.
Jodi a, nan kad pou evite pi mal, pi devan:
– Èske li pa ta pridan pou genyen mezi ki pran pou anpeche moun itilize dèlko andan kay yo?
– Èske li pa ta enpòtan pou kèlkeswa kay la, depi moun ap frekante li, fòk li byen ayere, jan kontitisyon 1987 Ayiti a, di sa?
RAE ap mande nou, apati de rezilta pasyèl ankèt li a, kisa nou ka konsidere ki touye pwofesè Fatima Judith Sacha Larrieux selon 3 vèsyon ki deyò a?
Èske edikasyon se pa zam ki pi enpòtan popilasyon an, kapab posede pou li dirije lavi li?
