Mèkredi 19 dawout 2026, nan lè 8tè 30 dimaten, yon kamyon 6 wou k ap transpòte machandiz chavire nan mache pèpè a, zòn antre mòg Ebron, ri Julien Raymond, vil Aken, Sid, Ayiti. Pa gen moun ki mouri ni blese.
Se akòz wout komin Aken an ki fin kraze, depi lè meri a pran desizyon fè tout kalte machin pase andan vil nan ri Julien Raymond ak Stenio Vincent an.
Pou mwa dawou 2026 la, gen anviwon 2 aksidan konsa, ki fèt nan komin nan, koz wout yo ki nan move eta a.
San bliye, wout nasyonal # 2 gen yon pati ki kraze anfas ponp gaz pwopan la anvan ou pran ri Kwa misyon an, ki kreye pwoblèm, ki mete rezidan ak pyeton yo nan difikilte.
Nap souliye yon lòt aksidan te rive fèt nan Mango blan, sidès vil la, yon trelè ki tap pote chay ( tòl ak bwa 2 pa 4) te chavire nan lannwit 13 dawout pou ouvri sou vandredi 14 dawout la.
Kòm pa janm gen 2 san 3, madi 18 dawout 2026, yon trelè kanpe men li an mòd sispèk prèt pou chavire, li menm ki te retwouve l, andan vil la nan ri Julien Raymond an.
Devan sitiyasyon wout andan vil la ki vin kraze yo, sa fè machin yo plede ap kapote ak tonbe nan dènye jou yo la.
Meri Aken an pran yon mezi nan jou pase yo, li vin ranfòse l kounye a, kote, li di: » wout la devye, li pa ale tou dwat, tout machin kèlkeswa gwosè a, ap sikile nan ri Julien Raymond an ».
Merès defakto a menm, Madam Josette Monperousse Cambry alyas madan Nono, vandredi 7 dawout 2026 deklare: meri a, ap repare detanzantan wout ki kraze a, sa ta vle di pòsyon wout ki devye a.
N ap souliye Majistra a gen manda l ki fini depi 2021 an, rapousuiv pou l di, li pran desizyon pou fè tout machin pase andan mache a nan lide pou l tou leve machann yo nan ri Julien Raymond an.
Nouvèl sa, ki, mal tonbe pou machann yo, kèk nan yo ak kèk sitwayen nan vil la, fè remake: » Majistra se yon pretèks li pran pou l montre chèf li yo, l ap travay men tou, se nan menm okazyon sa,14 dawou la, li t ap prepare vizit pm defakto a, Alix Didier Fils Aimé nan Aken ».
Sitwayen yo kontinye pou di: « se yon zak gwo ponyèt, ki pa chita sou okenn valè dwa moun, lè meri a deside konsa san yo pa avèti machann yo ak rezidan yo ki rete nan ri Julien Raymond an pou yo fè sikilasyon machin nan zòn nan ».
Ri sa, popilasyon an rele li, sou adoken, sitwayen yo kòmanse denonse dega kamyon 6 ak 10 wou yo (pwa lou yo) fè sou wout sa paske gen yon pati ladan l ki plonje, ak adoken yo ki gentan leve.
Sitwayen yo pwofite eksprime enkyetid yo kote yo fè konnen: » wout nasyonal la kraze, kounye a, se sa ki andan vil la k ap kraze. Tout sa ap fèt sou lòd meri a ki pa panse yon pwojè iben ak woutye, se demagoji yap fè. »
Sa ki pi di a, tout vye desizyon sa yo ap pran sitou, nan lavèy rantre lekòl la ki tou prè a la, pou 7 sektanm 2026 lan, paske ri Julien Raymond se youn nan wout elèv yo frekante anpil, kounye li rete pou kounen èske wout la ap gentan repare tout bon pou evite aksidan?
Nan sans sa, kamyon 6 ak 10 wou yo (pwa lou yo) ki plede ap chavire yo, èske yo p ap rete yon menas chak jou pi plis pou ansanm elèv yo ak pasaje yo?
Jean Benoit Daniel LEBLANC, Jounalis.
