Nouvèl Tobout

Lynncé Raïtza Dominique

Asasinay Lynncé Raïtza Dominique, eske se manman ki ta kriminèl la vre?

Lynncé Raïtza Dominique yon ti fiy 9 lane, li lekòl kolèj St Jan Okay, li admi pou li al fè 4 triyèm ane fondamantal,asasine ak plizyè kout kouto. Se nan bank bòlèt St Joseph, matant li ak kèk lòt moun jwenn li, aprè yo te fin defonse pòt bank bòlèt sa, kote, l ap viv ansanm ak manman l ki responsab bank bòlèt la. Sa pase Lendi 17 jiyè 2026 la bò 7 tè diswa nan katye popilè dèyè fò touprè won an, komin Okay, Sid, Ayiti.

Stéphanie Dorsainvil, manman Lynncé Raïtza Dominique se sèl moun yo te jwenn nan bank bòlèt sa, ki, gen kou li ki gen kou li ki gen twou ak ki fann ak kout kouto.

Manman viktim nan rapòte selon sa grand sè li eksplike RadyoAyitiE galite (RAE) 103.9 fm, ak www.radyoae.org maten madi 18 jiyè 2026 la: << genyen moun aprè li fin antre nan bank bòlèt la, li kagoule figi li, answit, li prezante li yon fèy li di li, pou li ekri sa li panse. E, se nan moman sa pitit li a, Lynncé vini pou li rele anmwe, menmkote a,, bandi a, asasinen pitit la ak kout kouto. Touswit, bandi se sa, bay li menm 2 kout koutou, youn anba gòje ak lòt la dèyè kou li, san pèdi tan li fèmen pòt la, aprè li sot deyò>>

Aprè konsta, lapolis kenbe manman viktim nan pou ankèt, kòm Stéphanie eta sante li pa kòdyòm, lajistis bay lòd annatandan pou li ale pran swen. Konsa, depi Lendi swa, li ospitalize nan sal ijans lopital jeneral Okay.

RAE, jwenn kèk lòt pawòl, bò kote popilasyon an, ki ta fè kwè, se manman an ki touye pitit la, lè yo konsidere se li menm ki te nan espas pou kont li ak viktim nan, epi, yo jwenn pòt fèmen, ak yo panse pa gen posibilite pou lòt moun fèmen pòt la andan paske se yon antre, se yon sèl soti.

RAE, te vizite espas kote krim nan fèt, bò 8 tè dimaten madi 18 dawou 2026 la. Konsa, selon seri nou wè, ki nan pòt la gen posibilite pou lòt moun ki deyò fèmen pòt la menm lè li pa gen kle nan men li.

Kounye refleksyon ki ap fèt la, sou posibilite pou se manman ki ta rive touye pitit li a, si toutfwa vèsyon li ta fè kwè se lòt moun ki fè zak sa, ni sou pitit li ak li menm nan pa ta kenbe. Èske se pa ta siy depresyon, pou jan nou konnen sitiyasyon peyi a difisil pou pi fò moun k ap viv la? Nou ka remake nan dènye ane yo la depatman sid la deja anrejistre plisyè ka swisid parapò ak k ap sikonbe anba depresyon.

Pour grann sè li a, li pa panse Stéphanie te depresif nan moman an, paske tout dimanch avan zak sa rive a, Stéphanie pa te prezante okenn siy dwòl ki pou ta fè moun panse asa, paske Stéphanie t ap enjòy li ak pitit li, ansanm ak li, se jis bò dizè diswa li te se pare ak yo, li antre ak tout pitit li nan apatman pa li ki se menm espas bòlèt la al dòmi, epi, li menm li antre tou al dòmi nan apatman pa li, ki nan menm edifis la.

E, se nan demen li te leve bonè al travay, se bò 6 zè diswa aprè li sot travay, li t ap repoze, se nan moman sa li tande chen li ap jape bò kote kabann li, li pantan, li kouri sot deyò, se lè sa li wè se nan bòlèt la, y ap frape, li mande sa ki genyen, se lè yo di: yo pa wè bòlèt louvri depi maten, ni yo pa wè dam nan ansanm ak pitit la soti deyò, e, se pa abitid, se sa k fè y ap frape, e, yo tande dam nan di: li pa gen fòs pou li louvri, se lè li menm gran sè a, di: moun yo, yo mèt defonse pòt la pou yo louvi li, e, se nan moman sa li wè eskandal la.

Nan k ad asasinay sa, genyen 2 vèsyon sou koz krim nan k ap sikile. Youn, se posibilte pou se manman ki asasinen pitit li a. Ak yon lòt, pou se yon endividi moun pa rive idantifye ki te rantre nan bank bòlèt la vin fè zak la, jan Stéphanie deklare sa daprè sa grann sè a, rapòte.

Tousenpleman pa gen okenn prèv pou okenn nan 2 vèsyon sa yo, jis nan moman n ap pale la.

Li ta enpòtan, pou dirijan yo mennen bon ankèt solid pou remote, a otè zak kriminèl sa yo. Pou pini koupab yo, jan lalwa prevwa sa. Ak tou, pou evite zak sa pa vin pwolonje lis zak ki fèt nan komin nan pami lòt ki deja la kote, pa janm gen limyè ki fèt sou yo.

N ap raple, zòn dèyè fò se kote toujou gen moun k ap mouri asasinen, swa se de senp endividi yo pa rive idantifye, oubyen se lapolis an inifòm oubyen san inifòm yo idantifye nan zak yo.

Li klè, pou senpleman anviwon yon mwa gen 2 moun ki mouri asasinen anba balosinon kout kouto ak yon lòt akoz kout baton osinon move tremen lapolis.