Obsèvatwa Pou Egalite (RAE) ak Radyo Ayiti Egalite (RAE) ap enfòme piblik la an jeneral eta sante repòtè Radyo Ayiti Egalite (RAE) nan movèz eta pou kounye a.
Direksyon O P E ak RAE, anmezii pou li enfòme nou sou eta sante repòtè RAE a, ki pa bon, se swit a vizit yo te fè lakay repòtè a, Lendi aprèmidi 27 jiyè 2026 la.
Jocelyne fè konnen tout kò li rèd, li soufri gwo tèt fè mal, li gen pwoblèm vizyon pou kounye a, li gen difikilte pou li kanpe dwat ak pou li mache, se kouche tout jounen nan kabann, li pa gen dòmi nannwit, se apèn 1nèd tan somèy li genyen, epi, tout rès nwit nan se vizyon l ap fè nan moman bandi UDMO kagoule t ap maltrete li, kote, li t ap di: segnè pwoteje li, a chak fwa malfra UDMO kagoule yo t ap bistonnen li.
Li fè konnen pandan weekend pase a, vin lendi 27 jiyè a la se konkou medsen fèy li pran pou koule tèt li ak pou rale osinon masaye kò li annatandan li al vizite yon medsen espesyalis nan jou k ap rive yo la, pou gade kouman li ka retabli li.
Li di: za k Bandi UDMO kagoule yo fè sou li a, p ap fè li repliye, li prale jis kobou, li panse travay kont enjistis ki genyen nan sosyete Okay l ap viv la, fòk gen moun ki fèl, ki donk, li se youn nan eli yo ki detèmine pou li fèl malgre tout risk sa genyen.
Konsa, l ap tann lajistis bay li jistis ak reparasyon sou tout kalite vyolans UDMO egzèse sou li a.
Repòtè RAE a, raple, maltretans li viktim bò kote bandi UDMO kagoule yo, se poutèt li te refize efase imaj ak son li te pran, ke yo te mande li pou l efase a, kote bandi UDMO kagoule t ap tewourize pèp savann Okay la nan zòn nan tikòk mèkrèdi 22 jiyè 2026 la bò 11 dimaten, sou baz yo t ap eseye depoze lapat sou dilè dwòg Bèkam ens ikoni ki te sove nan men yo depi nan madi 21jiyè 2026 la aprè yo te fin fouke li lakay bò plas lapè a ki nan tikòk savann Okay la.
Nan ka sa, yon solidarite bò kote sosyete sivil la ak repòtè RAE a parapò akoz l ap devann nan, t ap gen anpil enpòtans, nan kad pou kore libète lapawòl, libète laprès ak pou bare baboukèt.
