Nouvèl Tobout

Variété boule rapyetè

Nira Variété boule rapyete Madi 23 Septanm 2025

Mezon komès Nira Variété boule rapyete Madi 23 Septanm 2025 nan bò 11 zè nan aswè. Antrepriz sa, sitiye dèyè kwa 4 chemen Okay, sou wout ki pou mennen w nan Ayewopò entènasyonal Antoine Simon Okay .

Selon yon manm ekip ponpye Okay la, ta fè remake pa genyen anyen ki sove, pou kounye a, tout dife etenn.

Youn nan anplwaye Nira ak kѐk lòt moun nan zòn di: yo pa konnen sous dife a, jis nan moman Mèkredi 24 Septanm 2025 bò 8 tè dimaten y ap pale la.

Mèt mezon komès la, jis kounye a, pako fè siy deprezans.

Pou maten Mèkredi 24 Septanm 2025 nan, sikilasyon an nan tranzon wout Nira bloke, gen kèk machin se wout dekoupe yo oblije fè pou evite blokis la, swa pou antre nan vil Okay oubyen pou kite vil la.

Nira Variétés se pa premye mezon komès nan vil Okay ki boule rapyetè nan kondisyon sa.

Kisa k ap kontinye fèt bò kote dirijan yo pou gen sèvis ki kapab reponn tout bon vre pou evite pi mal lè ensidan sa yo rive?