Nouvèl Tobout

Prizonye abraam

5 prizonye Nip zòn Abraam Kou Apèl Okay voye yo nan 15 zèn ankò.

Se Vandredi 29 Dawou 2025, Kou Dapèl Okay t ap eseye analize byen fonde sou Apèl jijman ki fèt pou 5 prizonye ki soti sitou, nan 4èm seksyon Abraam komin Miragwàn, Nip, Ayiti.

An fenn kont, jij yo pa rive pwononse sou sa ki dwe fèt, akoz klima ki pa te favorab pou sa. Ki donk: tan an te debòde sou yo, fòt chalè yo pa te ka sipòte. Nan jeneral, odyans nan te rive nan depozisyon, men, etap pou te tande kondane yo pa te rive fèt. Se sa k fè, jij yo deside voye odyans nan nan 15 zèn pou ka rive pase nan lòt etap yo.

Desizyon kou dApèl la nan sans sa, sanble, se kou di pou defansè prizonye yo, genyen nan avoka yo ki t ap mande jij yo si yo pa ta ka voye li nan 8 tèn. Sa pa te mache, jij yo rete fè m sou desizyon yo.

Yon lòt bò, patizan, fanmiy prizonye yo ki pa te atann ak desizyon sa plonje nan latristès.

Prizonye yo yo menm, vizaj yo montre yo pa te prè pou mòd desizyon sa.

4 sou 5 prizonye sa yo, se: Célito Renelus, lapolis arete depi 2023 ak Yverose Jamba, Yvinder Ecxellent, Wancito Renelus, 16 janvye 2025. Kote, Ororite lajistis nan Miragwàn akize yo pou krim, kòm kwa dire se yo ki ta touye moun ak boule machin nan kad konfli tè nan Miragwàn nan. Pou reprezantan KOPA, Sinomé Sinclair se pito, peyizan Abraam, sitou nan evenman 26 avril 2023, ki ta kontrekare plan makab ak reziste kont rezo gang ki te gen nan tèt li komisè UDMO Miragwàn, François Charles ki te vin anvayi ak zam fann fwa, fo papye, fo apantè anviwon 107 kawo tè, sa ta vle di: 58 kawo plèn ak 49 kawo mòn peyizan Abraam ak touye ak bal, Me Arismond Sinclair, se nan kondisyon sa rezo gang nan, nan simen konfizyon ak latwoublay san prèv, lage chay la sou 4 peyizan sa yo, ak, arete yo sou baz se yo ki otè zak sa, selon di: Sinomé Sinclair reprezantan KOPA. Answit, 5èm peyizan ki arete a, ki nan kan Komisè UDMO a, se Jacky Alexandre, lapolis arete li pou izipatè de tit, li fè li tèt li pase kòm apantè, se li menm ki te la kòm apantè nan lè rezo gang nan te anvayi plizyè kawo tè nan Abraam nan. Selon di toujou: Sinomé Sinclair.

Konfli tè Abraam nan, depi evenman 26 Avril la vin jis jounen jodi a, peyizan yo, anpil nan yo, toujou nan mawon, machin represyon gang UDMO François Charles nan tèt li a, kontinye ap pran peyizan yo pa sipriz, nenpòt lè nan jou yo, maspinen byen maspinen, arete peyizan yo.

Bouwo yo, ki, te fè san peyizan yo koule pandan yo t ap chache anvayi tè yo, 26 Avril 2023, kontinye ap fè peyizan yo lalwa, fè represyon sou yo, kontinye nan aktivite yo san okenn konsekans pa rive yo, sa yo te arete kont yo menm, kèk nan yo deja libere, ak, tantativ k ap fèt pou libere sa ki toujou nan prizon.

Dosye Abraam nan, nan kad demach pou abouti nan jistis san fòs kote, li mande pou otorite lajistis yo mennen bon jan ankèt, aji avèk bon sans, pou rezoud definitivman konfli tè nan Abraam nan.