Sibtiti Komisè Gouvènman Okay Mèt Rilfort Berlus depòte ak menm grad li nan tribinal premye enstans Miragwan swit ak yon nòt ministè lajistis mete deyò yo jou vandredi 4 jiyè 2025 lan .
Nap fè konnen Me Berlus te libere Notè Jean Vernet Mercier 20 Me 2025 pase a , ki gen yon avi rechèch Direksyon Polis Jidisyè (DCPJ) pou dosye konplis asasina, tantativ asasina ak aksyon malfektè Mèt Gerson Borga lan ki te tonbe anba bandi nan Sid jou 2 Avril 2025 lan. Eske se rezon ki fè ministè Lajistis depote komisè a ?
Jij denstriksyon Jean Michelet Seïde rale kò li nan dosye asasina Borgat a.
Dosye asasina Me Pierre Antoine Borgat, jij enstriktè a Jean Michelet Seïde rale kò li nan dosye sa, depwi 30 Jen 2025. Desizyon sa rive nan moman ekspirasyon manda tout lòt jij denstriksyon ki anviwon 5 lane nan jiridiksyon Okay la Vandredi 27 Jen 2025.