Nouvèl Tobout

Viv ansanm

Pechè pwason nan kot Sid Ayiti viktim.

Daprè ankèt Radyo Ayiti Egalite (RAE) sou rimè k ap kouri tout semenn 15 Avril 2025 nan sou rezo sosyo yo ak nan lari. Sou koze, kòmkwa dire bandi viv ansanm ak zam fann fwa manch long atake 2 pechè pwason sou kot Sid, Ayiti.

Selon, tout enfòmasyon nou jwenn bò kote pwòch 2 pechè ki viktim zak malonèt sou lanmè, se pa bandi viv ansanm ki te atake yo. Li kesyon, se kèk Jamayiken ki pran batiman bòt yo, kote yo t ap peche nan fon kannal ki yon bèl distans ak zòn tè kot Sid la.

Jamayiken yo te flanke yo nan lanmè epi pran bòt la, ki , se yon batiman a motè, ale ak tout mateyèl yo ki ladann.

Renold Hibart ak Jamesley Melse se non 2 pechè sa yo ki nan dram nan. Yo eksplike toujou, yo sove dejistès, se kèk pyès anjelatik yo te itilize pou naje ki te fasilite yo al chwe nan lokalite Bonpas sou komin Tibiwon. Answit, se kèk Bon pwochen ki te ranmase yo, mennen yo nan lopital Pòtapiman al pran swen si tèlman yo te nan move kondisyon. Pou kounye a, 2 peche yo antre lakay yo.

Ensidan sa rive Madi 15 Avril 2025 nan. Selon, youn nan pechè sa yo, se pa premye fwa sa rive, l ap kouri sou anviwon 3 lane depi sa te pase li deja.