Nouvèl Tobout

2 jen gason tonbe anba bal bandi nan Okay.

Anviwon 6 bandi aprè yo te fin piye konfrefò biznis Dany depo ki chita sou premye gran ri Okay anfas IED, touye 2 jen gason anba bal sou pasaj yo nan zòn kwa wouj ri Toto Bisent. konsa, Bandi yo, gen tan mete deyo.

Anvan sa bandi yo te gen tan kase tèt, souflete Alphonse Judemanie responsab depo sa, epi sakaje 3 machann , pran valiz lajan yo nan moman yo te antre nan biznis Dany depo a. Aksyon sa yo pase bo 3 ze apremidi Mekredi 9 Oktob 2024 la.

Nan moun ki resevwa bal yo, gen youn ki mouri sous plas, lòt la mouri sou wout nan moman yo te pral avek li nan lopital ofatma okay, touswit apre, li te vin resevwa premye entevansyon nan lopital jeneral Okay. Jis kounye a, RAE pako jwenn enfomasyon sou idantite moun ki mouri yo.

Antouka, se chak jou pi plis mod aksyon sa yo ap miltipliye nan depatman Sid la, sitou, nan komin Okay la anba zye Otorite yo. Popilasyon an sanble pa konnen pou jis ki le li la anko?