Nouvèl Tobout

Ale anpè Luciana Guervil Salomon.

Fanmiy ak Radyo Ayiti Egalite (RAE) anonse nou: Luciana Guervil Salomon nan laj 84 lane mouri Madi 18 Jen 2024 la bò 2 zè nan maten. L ap antere nan simetyè Pak Esperans Okay. Li te pase yon bon bout tan malad san janm trete.

Antèman Luciana Geurvil Salomon ap chante Madi 2 Jiyè bò 3 zè aprèmidi, nan legliz sakrekè Okay. Veye a ap fèt 7 tè aswè Lendi 1Jiyè nan antrepriz finerè Marc d’or Lebrun.

Radyo Ayiti Egalite (RAE) ansanm ak Obsevatwa Pou Egalite (OPE) di kondoleyans pou: pitit li yo pi presizeman Samia Salomon, pititpitit li yo, Frè ak sè li yo, tout fanmiy li yo, zanmi, tout pwòch li k ap soufwi nan moman sa. Konsa, O P E ak RAE di: bon depa a Luciana Geurvil Salomon.