Pèp Sid la pi presizeman Fanm ak Ti Fiy, dwa li yo tòde. Li pa gen aksè nan jistis la tout bon vre ki soti kòm konsta nan premye jounen seminè Obsèvatwa Pou Egalite (O P E).
17 patisipan anviwon ki te envite yo ak entèvenan majistra Pierre Ezéckiel Vaval plis travayè sosyal Guy Numa, se yo menm nan brase lide yo ki denonse Otorite yo ki san respè pou dwa pèp Sid nan tout dimansyon depi plizyè lane sa genyen.
Yo pran pozisyon sa, se nan okazyon premye jounen seminè O P E reyalize Samdi 21 Oktòb 2023, soti 8 tè nan maten rive 3 zè nan aprèmidi nan lokal li a ki nan Chapantye Okay, Ri, 3 Frè Ini.
Yo te fè brase lide a sou tèm seminè a ki se: Pèp Sid pi presizeman Fanm/Ti Fiy, dwa Ekonomik/Sosyal/Kiltirèl/Politik/Sivil ki konsta? Ki pespektiv?
Ézéchiel Vaval sou bò pa li, eseye montre kondisyon yo pa reyini pou pèp Sid la sitou Fanm, Ti Fiy yo pou yo dwa yo ta respekte. Answit, pou yo ta gen aksè nan jistis la, ki donk leta pa mete enfrastrikti ak estrikti solid pou sa.
Li montre nan jiridiksyon Kou Dapèl ( tribinal sivil, tribinal depè) Okay gen anviwon 2 jij fiy sèlman sou anviwon 30 jij. Li di, pou 18 komin nan se anviwon 3 jij fiy sèlman sou anviwon 40 jij, se 2 jij fiy pou komin Okay ak you jij fiy pou komin Kanperen.
Li esplike nan nivo pi laj pou peyi a, gen senpleman anviwon 25 pousan fiy sou 90 mil anplwaye nan leta. Majistra Vaval fè remake sou baz sa, pifò nan fanm sa yo se travay ki pi ba nan fonksyon piblik la yo bay yo fè tankou menajè, sekretè, resepsyonis.
Ézéchiel, eksplike toujou sou pwoblèm popilasyon genyen sou aksè nan jistis la. Li di, Ayiti genyen you sèl tribinal administratif, se nan Potoprens li ye. Li konnen te gen you lòt ki te nan Ench li fèmen. Li te gen enfòmasyon, gen 2 lòt ki pou te plase depi plizyè lane sa deja genyen ki pako janm fèt, se te youn nan Okay ak youn nan Gwonaiv. Li reyalize, selon lwa 27 Novanm 2005 nan, sou gouvènman Latortue a, chak pwovens nan peyi a te dwe gen youn.
Vaval montre, absans tribinal administratif nan pwovens yo pi presizeman nan Sid la, vin rann pi difisil, pi konplike aksè pèp la nan jistis la .
Pèp Sid la, limite pi rèd toujou parapò ak plent osinon swivi li ta kapab fè bò kote tribinal konpetan pou tande dirijan leta yo tankou tribinal administratif, lè Otorite leta sa yo pran malè plezi toutan ap fè yo tout kalite enjistis ak abi sitou Fanm, Ti Fiy yo monte sou byen yo, revoke yo nenpòt kòman, bat yo, vyole yo, imilye yo.
Li avanse zafè sa, pou li montre tribinal òdinè nou genyen nan pwovens yo, yo pa konpetan pou tande dirijan leta yo nan maltrete y ap maltrete pèp la. Li konnen lè viktim yo pote plent nan tribinal òdinè sa yo pou otorite yo se tan y ap pèdi. Li konprann twou vid sa ki genyen an, li pwofitab pou dirijan leta yo. Li di, li konnen plizyè ka nan depatman an, kote, dirije yo anpil nan yo pèdi byen nan sans sa. Otorite yo rete la nan je viktim yo san yo pa pini yo.
Li eksplike, sa ki pi tèt chaje se lè ou wè se menm Otorite sa yo ankò anpil fwa yo akize pou zak sal k ap pote tèt kòm jij epati alafwa, sa pa ta sipoze fèt. Li konnen selon lalwa dwe genyen yon enstans endepandan ki dwe kreye ki pou mennen ankèt nan kad swivi lè se non dirijan yo ki site nan sans sa. Li wè se menm Otorite sa yo k ap envite moun ki akize yo pou yo tande li. Li twouve sa pa gen sans, li anòmal.
Guy Numa, you lòt bò eseye montre kriz dwa moun nan tout dimansyon pèp Sid la ap travèse la, sitou Fanm ak Ti Fiy yo. Li di, se paske genyen you rejè de sa ansyen liberatè Ayiti a, Jan Jak Desalin te di nan you sèl fraz sou zafè respè dwa moun dirijan nou yo pa mete nan aplikasyon an ki se: pa gen libète san byennèt.
Guy Numa, montre nan sa ansyen liberatè Ayiti a Desalin te devlope a sou dwa moun nan, genyen you entèkoneksyon de tout dwa yo, youn pa mache san lòt. Li vle di toujou, pou moun yo santi yo lib, ansekirite, alèz fòk yo gen mwayen nan men yo pou okipe tre yo nan tout dimansyon tankou, aksè a manje, swen sante, edikasyon, lojman, travay, lwazi.
Entèvenan yo ak patisipan yo, ap mande èske pwoblèm dwa moun nan pa vin pi agrave nan dènye lane sa yo nan depatman Sid la pou fason pwoblèm nan poze la nan seminè a?
Yo santi, dirijan yo pa respekte sa yo pran kòm angajman oubyen yo siyen kòm dokiman andan kou deyò peyi a.
Konsa, si dirijan yo te respekte lalwa, konvansyon yo:
– Eske kota sou kantite 30 pousan Fanm anviwon ki dwe entegre aparèy leta osinon fonksyon piblik yo pa t ap respekte?
– Eske prensip dwa moun ki di yo dwe trete tout moun ak ekite, egalite, diyite, san diskriminasyon pa t ap respekte?
– Eske koze ki di, pa gen libète san byennèt la pa t ap respekte?
Ansanm moun seminè yo dekouvri jan sitiyasyon an prezante la, se tout you konstriksyon ki soti apati you mòd edikasyon.
Yo deside ansanm nan kad pèspektiv, pou yo soti nan sitiyasyon sa, li dwe fèt nan kad lòt pwojè konstriksyon ki vini apati lòt edikasyon pèp Sid la, an jeneral pèp Ayisyen an.
Jean Claudy Aristil