Nouvèl Tobout

3 moun mouri plizyè lòt sou kaban lopital koz Kolera.

0 0

Gen anviwon 3 moun ki mouri ak plizyè lòt ospitalize anba Kolera nan lopital jeneral Okay selon you sous RAE fè konfyans.

Anviwon 3 moun ki mouri yo se Lendi 23 Oktòb 2023 sa pase.

RAE, te konstate anviwon 4 moun t ap pran swen devan pòt sant kolera Lendi 23 Oktòb 2023.

Menm sous nou an fè nou konnen kapasite sant kolera ka reponn pou anviwon 20 pasyan sèlman.

RAE, te rankontre ak medsen medikal la, dr Dorima ensikoni, li pa deside bay non li, li fè konnen yo byen ekipe nan moman pou bay pasyan Kolera yo swen.

Li di, pwoblèm yo rankontre lepi souvan pasyan yo gen tan dezidrate anpil anvan yo vin lopital, sa vin konplike entèvansyon y ap fè pou sove lavi pasyan sa yo.

Li mande pou popilasyon an pou li kouri vit vin lopital lè yo tonbe anba vomisman ak y ap twalèt tankou dlo diri, pou yo pa gen tan dezidwate nan dènye eta.

Li konseye granmoun tankou ti moun pou lave men yo ak savon anvan yo mete yo nan bouch yo. Li mande yo pou yo trete dlo y ap bwè. Li ankouraje yo pou lave byen lave ak dlo trete legim, fwi y ap manje, pou yo kouvri byen kouvri manje yo, nan kad prevansyon yo dwe fè kont kolera.

Direktris medikal la di, li pa gen responsabilite pou li bay nou chif sou kantite moun ki afekte ak Kolera, ni sou kantite fanm osinon timoun yo resevwa. Li fè remake se direksyon Ministè Sante Piblik Sid la ki responsab sa.

Direktris la di, flanbe kolera pou lane 2023, li kòmanse depi Septanm. Li di, komin Kavayon plis frape annatandan. Direktris la eksplike se nan moman lapli a ap tonbe sou kot Sid la nan dènye semenn sa yo li wè Kolera ap monte nan pik.

RAE, kèk moun nan popilasyon Sid la li rankontre sou Kolera. Li jwenn, gen nan yo ki di, pou nan move sitiyasyon yo ye deja, pou kounye a yo gen kolera ki vin ajoute, yo resi pral mouri. Nou jwenn kèk lòt ki di, yo te panse Kolera fini. Nou wè, gen lòt ki toujou panse zafè kolera se politik gouvènman ak ONG yo pou regle enterè yo, Ayiti pa gen okenn Kolera.

RAE, ap mande èske se pa mank edikasyon ki fè gen moun jis kounye a, panse viris Kolera pa egziste an Ayiti? N ap mande èske si dirijan yo te fè edikasyon popilasyon an nan sans sa, èske moun yo t ap kontinye panse konsa?

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %