Nouvèl Tobout

Manifestasyon nan Okay nan okazyon 117 lane asasinay Jn Jak Desalin.

0 0

Mobilizasyon Peyizan San tè Sid (MOPSATES) pran lari nan okazyon 117 lane asasinay Anprè Ayiti Jan Jak Desalin, Madi 17 Oktòb 2023 byen bonè nan Maten.

Manifestan yo poze pwoblèm tè ki genyen nan Sid la, kote, Otorite yo nan tout nivo, nan konplo ak tout kalite sektè, menm bandi pou pran tè yo, epi, kraze pwodiksyon manje nan depatman Sid/Ayiti a. Yo denonse meri yo, jij, lapolis, notè, avoka, apantè, Amsid ki nan konplo vòlè tè yo.

Yo mande pou dirijan onèt yo pran bon jan mezi pou mete fen nan mòd pratik sa yo.

Answit, yo montre yo solidè ak pèp gran nò a pou reyalizasyon kanal Wanament nan y ap kontinye a.

Manifestan yo kòmanse manifeste depi nan komin Tòbèk pou antre nan vil Okay.

Peyizan sa yo ap viv nan plèn Ditrich sou komin Tòbèk.

RAE, ap mande kiyès nan dirijan yo ki pral fè swivi sou revandikasyon peyizan Ditrich yo? Lè nou konnen se pa premye fwa peyizan ditrich yo ap revandike sa, epi, Otorite yo pa janm fè anyen pou rezoud pwoblèm sa.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %