Nouvèl Tobout

Joe Biden ap ekspire, Imel nan blokis, Ayisyen fou.

0 0

Ayisyen ki aplike nan kad pwogram prezidan Etazini an, Joe Biden nan, gen anviwon 77 mil ki ta deja kalifye pou antre Etazini. Ayisyen ki deja enskri pou pwogram sa ta plis ke 500 mil.

Ayisyen ki kandida yo ki pako jwenn imel pou yo ta asire omwen y ap antre Etazini prèt pou pèdi tèt yo. Ayisyen sa yo anpil nan yo pako reyalize se pa tout moun ki enskri k ap rive antre Etazini. Administrasyon Biden nan se anviwon 200 mil Ayisyen li anvizaje ki kapab benefisye pwogram sa.

Ayisyen yo dwe konnen tout kandi anplis yo. pa p ka rantre Etazini nan pwogram nan.

Administrasyon Biden nan fikse pwogram sa pou dire 2 lane. Pwogram sa, Janvye 2024 la ap deja fè li you lane.

Moun ki te enskri nan mwa Janvye 2023, se yo menm toujou sèvis migrasyon Etazini kontinye ap travay sou dosye yo a.

Kandida yo dwe konnen si sa rive te gen tan gen plis kandida ki enskri nan mwa Janvye ke sa administrasyon an fikse kòm kantite y ap pran pandan tout 2 zan pwogram nan, gen posibilite pou se kandida Janvye yo ki antre Etazini apa kèk esepsyon kote, ka gen 2, 3 grenn ki soti nan lòt mwa aprè yo.

Kandida ki enskri apati Fevriye vin Oktòb 2023, pousantaj pou sèvis migrasyon rive trete dosye yo prèske a 1 pousan.

Kandida ki deja pèdi lespwa nan pwogram Joe Biden nan, anpil nan yo ak kèk lòt moun nan popilasyon Ayisyen an, depi Jiyè 2023 ap chache antre Nikaragwa, travèse Meksik a destinasyon pou antre Etazini.

Nou sonje byen, pwogram Joe Biden nan rive nan moman, se te pou bloke plizyè milye imigran divès kalite nasyonalite ki t ap eseye antre Etazini ilegal kote yo t ap travèse fwontyè Meksik ak Etazini a.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %