Nouvèl Tobout

Fòs k ap antre vin twoke kòn ak bandi an Ayiti, opinyon yo pataje

0 0

Fòs k ap antre an Ayiti pou vin trake gang, Opinyon yo ale nan sans diferan. Pèp la plis bò kote pou fòs la antre.

Youn nan lidè Popilè an Ayiti Guy Numa di popilasyon an pou yo trè pridan ak koze fòs ki vin di y ap vin trake bandi pou mete sekirite an Ayiti.

Li di pèp la pou l sonje, estrateji fòs avan yo konn abitye itilize, chak fwa manda yo fini se yo ankò ki mete ak bandi yo pou fè remonte ensekirite nan lespri pou renouvle manda yo.

Animatè RAE di pèp la li pa dwe janm bliye kantite moun minustah touye, andikape, anfrajele nan peyi Ayiti sitou nan Sid la. Li di, pèp la dwe sonje se minustah ki anpwazonnen peyi a ak viris kolera kote, plizyè milye moun pèdi lavi yo.

Animatè a eseye montre klas politik tradisyonèl Ayisyen an, you pòsyon san kache tèt yo, yo aplodi fòs ki gen pou antre a, you lòt seri yo gen pozisyon mifig mirezen sou sa.

Li reyalize fason jeneral klas politik tradisyonèl la se tann y ap tann fòs la antre, pou yo kapab al patisipe nan eleksyon ki gen pou fèt an 2024 la.

Animatè a, mande pou pèp Ayisyen pran distans li ni ak fòs etranjè k ap vin ranmase richès Ayiti a, ni ak gang yo ki osèvis eksplwatè, reyaksyonè deyò kou andan peyi a.

Li swete pèp la ranfòse batay la sou bò pa li, nan mezi pou li konbat ensekirite a selon fòs pa li ak fonde sosyete ki jis, ki souvren, ki pwospè.

Li siyale, desizyon pou fòs sa ki gen nan tèt li peyi Kenya k ap antre nan Ayiti a, pran nan Nasyon Zini Lendi 2 Oktòb 2023.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %