Nouvèl Tobout

Ayisyen k ap viv nan Ajantin manifeste kont envazyon Ayiti.

0 0

Plizyè santèn Ayisyen k ap viv an Ajantin ak òganizasyon ki solidè ak Ayiti pou li soti nan kriz tankou: komite Ajanten an solidarite avèk Ayiti, MST, OLP – Resist, Luchar elatriye reyalize you mach ki derape devan Obelisk Brenozè kapital Ajantin ki al bout devan anbasad Dominiken nan Ajantin, bò 10 zè nan maten Jedi 5 Oktòb 2023.

Manifestan yo òganize mach sa pou di non a fòs multi nasyonal Konsèy Sekirite Nasyon Zini vote Lendi 2 Oktòb 2023 pou voye an Ayiti nan mwa k ap rive la yo, answit, pou di: viv libète, viv rezistans pèp Ayisyen an.

Manifestan yo, you lòt bò yo trete prezidan Dominiken an, Louis Abinader kòm rasis, fachis, kriminèl ki ap asasinen san rezon you bann Ayisyen ki deja viktim enjerans enpeyalis yo an Ayiti ki degrade lavi yo kòm moun, koz sa ki kouri al pran refij an Domikani kòm peyi vwazen ki ta sipoze akeyi yo ak 2 bra ouvè, lè yo gade se lekontrè ki rive.

Manifestan yo menm fè you bak sou 70000 mil Ayisyen dirijan Dominiken yo te asasinen nan lane 1937, sou gouvènman ansyen prezidan Dominiken an Rafaèl Léonidas Trujillo Molina, pou montre jan dirijan Dominiken yo se kriminèl, yo san pitye, pou Ayisyen.

Manifestan yo montre parapò a zak kriminèl dirijan Dominiken yo abitye fè, kontinye ap fè sou pèp Ayisyen an. Yo panse, tout enterè pou itilize dlo rivyè Masak la se pèp Ayisyen pou li ye.

Manifestan yo pat rive remèt anbasadè Dominiken an ki nan Ajantin nan, nòt yo te prepare pou bay li, akoz dirijan anbasad la ki te okouran manifestan yo t ap vini devan anbasad la, konsa, yo te kouri fèmen pòt yo, lè yo te wè manfestan yo prèske rive.

Manifestan yo ki pa te gen posibilite pou remèt nòt la finalman yo te li nòt la devan anbasad la, anvan yo te mete van nan vwèl yo.

Manifestasyon an te pase san ensidan regretab. Òganizatè yo pako di, lòt etap la se pou ki lè, se kisa l ap ye.

Ayisyen k ap viv an Ayiti pako òganize mach osinon pran lari kont desizyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an pran Lendi 2 Oktòb 2023 pou voye fòs milti nasyonal an Ayiti swadizan pou vin tabli lapè, apati demann premye minis Ayisyen an, Arièl Henry, te fè bò kote Loni, sa genyen anviwon you lane.

RAE ap mande èske se paske tout sektè an Ayiti dakò pou fòs milti nasyonal la vini an Ayiti ki fè pa gen leve kanpe osinon mach ki fèt kont envazyon an ki gen pou fèt la?

RAE ap kontinye mande, nan ka pa gen manifestasyon ki fèt kont rive fòs milti nasyonal la an Ayiti, èske pi devan genyen kèk sektè ki pral leve kanpe osinon ki pral mande pèp la pou li soulve kont fòs milti nasyonal la, pou mete l deyò nan peyi a?

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %