Nouvèl Tobout

Rasanble Pou Chanjman Reyèl.

0 0

Animatè goute Sèl la, lanse Operasyon / Rasanbleman Pèp Okay bò kote chanjman rèyèl ki vize batay disparisyon tout eksplwatè tout ajan sistèm kraze zo a. Li dwe pran depatya pak an pak sistèm ak fòs kote a ki meprize tout bezwen moun ki pi mal yo.

Animatè a, mande: pou moun yo sispann antre nan solisyon pèpè ( eleksyon, nominasyon ) reyaksyonè tout plimay, andan kou deyò peyi a ap pote bay nou, pou mete dirijan osinon ranplase lòt dirijan sou chez boure yo nan aparèy leta. Yo fè sa, pou toujou jouke nou anba zèsèl yo, a chak fwa nou leve kanpe pou nou eseye debarese n anba sistèm peze souse a. Nou konnen sistèm sa ki pa sispann koze n ti, abi, enjistis, ak, koupe souf nou chak jou pi plis.

Animatè a fè you rale istorik pou montre depi plis pase 200 zan kalite politik reyaksyonè yo ap fè an Ayiti a pa pwogrese lavi Mas pèp la. Li montre se 200 lane bak, regresyon lavi mas la konnen olye li fè you pa annavan.

Li konkli, nan kad politik chen chat ekspiwatè plis ti boujwa kontinye ap fè la, Mas pèp la se sou fòs ponyèt li pou li konte ak, li dwe konnen se li ki ka soti tèt li nan sa li ye la.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %