Nouvèl Tobout

Kritik sou imigrasyon nan Panyòl

0 0

Animatè Goute Sèl la kritike Jan leta Dominiken an ap maltrete Ayisyen ki sou tèritwa yo a. Ayisyen sa yo te mèt gen bon papye.

Li fè remake, gouvènman Dominiken nan fason l ap bastonnen, tiye, pimpe Ayisyen yo bann pa pakèt an Ayiti, tout aksyon sa yo ap fèt andeyò prensip entènasyonal imigrasyon.

Nou ka konstate, Ajan imigrasyon nan Sen Domeng lage you pè las pi rèd nan dengong tout Ayisyen nan Dominikani nan dènye jou sa yo la. Ajan yo, se tout kwen rakwen y ap chache tankou zepeng titèt kote Ayisyen yo ye.

Ajan yo, lè yo jwenn Ayisyen yo, yo imilye, moleste yo, antase yo tankou bèt nan kamyon pou ale ak yo nan komisaya oubyen aprè voye yo an Ayiti.

Leta Dominiken akselere nan pèsekite Ayisyen yo sitou, aprè mitan Septanm 2023, lè Ayisyen an Ayit, nan komin Wanament nan mitan Septanm 2023 kontinye ak reyalizasyon you kanal pou itilize dlo nan rivyè Masak la ki pase sou fwontyè 2 payi yo ki pataje zile a.

Nou tout deja konnen prezidan Louis Abinader nan prèske fen Septanm 2023 fèmen fwontyè Dominikani ak Ayiti a pou sa.

Nan degre Ayisyen yo ki nan tè Panyòl yo ap sibi represyon fachis, reyaksyonè Dominiken, nan dènye moman yo la, ou prèske pa jwenn Ayisyen yo ap sikile nan lari. Ayisyen san esepsyon, ke yo te gen dokiman legal ke yo pa te gen dokiman resan. Ayisyen, pou yo reziste anba menas ki chita k ap tann yo nan lari a, se rete kache lakay yo osinon you kote.

Li site kòm egzanp, zòn Lakolonyal nan kapital Sen Domeng se youn nan kote, ou te konn jwenn anpil Ayisyen, jodi a la se apenn ou ka tonbe sou youn ou 2 grenn.

Nominasyon ak ensekirite nan Okay

nominasyon yo ki fèt nan semenn 26 Septanm 2023 nan Okay. Leta Ayisyen ki mete you vis delege nan plas you lòt ki te la, ak, you Katèl majistra nan plas you lòt katèl. Animatè a montre komin Okay p ap soufwi nan mete lòt moun nan plas lòt moun, kèlkelanswa kalite ou pa kalite moun nan. Li eksplike gen lontan leta ap fè sa, nan reyalite pwoblèm kominote a se anvlimen li vin anvlimen pi plis. Li klè, pwoblèm pèp Okay la, se lavi chè, ensekirite, travay, pwodiksyon, lojman, lekòl, anviwonman, sante.

Li travèse nan zafè ensekirite a, pou di: pèp Okay la kontinye vilnerab nan koze sekirite, pa genyen mezi osinon mekanis otorite yo mete sou pye tout bon vre pou asire pwoteksyon popilasyon an. Li eksplike, lè ou genyen lapolis ak Lajistis ki ta sanse la anpremye pou aji nan sans sa, sa ki rive yo di: yo gen pwoblèm ekipman, resous.

Animatè a kontinye pou di: lè nou konnen 2 enstans sa yo ( lapolis ak lajistis ) ta dwe lite kont koripsyon, lwen nan tout istwa koripsyon, epi, se non jij, komisè, notè, apantè, polisye. k ap site osinon ki sou lis oubyen yo kondane pou koripsyon. Yo nan tout konivans ak bandi, kriminèl, dilè dwòg, vòlè yo.

Li kontwole, nan ansanm moun ki deja tonbe anba bal bandi pou lane 2023, pou pi piti gen 5 bizismann. Guy Louizair alyas Guy depo se youn nan egzanp bizismann yo, bandi asasinen li devan lakay li nan zòn pon laravin anfas otèl Nouvo Stella ak you gad kò li Jedi 28 Septanm 2023 bò 5 kè nan aprèmidi.

Li rakonte toujou, sou ansanm krim sa yo ki fèt la pou lane 2023, pa gen swivi ki fèt tout bon vre sou krim sa yo. Lapolis ak lajistis lepi souvan, pa janm depoze lapat sou vrè koupab yo ak pa genyen reyèlman jijman osinon kondanasyon prezime koupab yo.

Ronald Richemond chèf pakè Okay la ak senpatilizan li yo fè plis bri, nan sans pou komisè gouvènman Richemond kache tèt li olye bay komin nan sekirite si li gen misyon pou sa osinon si li kapab tou.

Pèp Okay la se toujou you je ouvè you je fèmen l ap dòmi, paske pa gen pyès moun ki egzan la, a nenpòt ki moman nenpòt moun k ap viv la, bandi kapab asasinen yo san difikilte. Otorite yo sou baz sa, yo fò nan fè pwopagann konsa, lè yo defan reyalite a yo fè bèk atè.

Animatè a panse, sa ki dwe fèt la pou rezoud bezwen pèp Okay la. Leta Ayisyen ta dwe pran mezi rezoud pwoblèm eksplwatasyon an, enjistis la, redwi eka ant moun ki genyen ak sa ki pa genyen, bese kou lavi a, konbat koripsyon nan enstitisyon yo k ap kangrennen sosyete a, ak, ogmante pwodiksyon komin nan, kreye plis travay.

Li klè, sou sa li panse ki dwe fèt la, dirijan nou yo pa gen misyon ni volonte pou rezoud pwoblèm bezwen kominote a nan dimansyon sa.

Li pote sa ki dwe fèt la kounye a, sou bò Mas viktim yo ki ap soufwi chak jou sou fason dirijan yo ap jere komin Okay la. Li mande, pou mas pèp la gonfle ponyèt li, pou li itilize tout zam k ap itil pou mete do tout reyaksyonè yo, tout moun k ap kore leta enjis la atè. Li egzije, pou Mas pèp la ranplase leta sa, sistèm sa, pa you leta, you sistèm ki chita sou devlòpman moun, san pas pou ki.

Jean Claudy Aristil.

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %