Nouvèl Tobout

Pèp Ayisyen Pèp Dominiken konplotè yo tann pèlen pou nou.

0 0

Sa k kache dèyè konfli dominiken / Ayisyen sou fwontyè Wanament nan, nan mitan septann 2023 li ta sanble se pwojè eksplwatasyon Min dò nan bò fwontyè Dominikani a, kote konpayi min peyi Kanana ta gentan jwenn lisans otorizayon dirijan leta Dominiken pou fè sa.

Oligak Dominiken ak Kanadyen ap ranje kò yo la nan moman konfli ant 2 peyi yo ki pataje fwontyè zile Ayiti a osinon zile Dispagnola pou pwofite okazyon sa pou prese kòmanse eksplwate Min dò yo prevwa yo.

Nan ka, 2 pèp zile a ta pèdi tèt yo nan zafè konfli kanal k ap konstwi Wanament nan pou itilize dlo rivyè Masak la, san gonfle fòs ponyèt yo pou bloke pwojè eksplwatasyon Min dò nan fwontyè a, se tou 2 pèp sa yo ansanm k ap pèdi, y ap pèdi dlo rivyè k ap vin anpwazonnen ak anpil nan yo p ap kapab kontinye viv nan zòn fwontyè a ankò. N ap di ansanm lagè avèti p ap touye kokobe.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %