Nouvèl Tobout

Sitiyasyon RAE, Altènativ.

0 0

Direksyon RAE ap prezante piblik la rezon ki eksplike kèk difizyon enfòmasyon ki gen bon titan ki pa fèt sou Radyo Ayiti Egalite RAE se akoz demach legal yo ki t ap fèt bò kote Ministè komès ak ki ap rapousib bò kote CONATEL. Li te angaje nan pase men nan teknik nan. Li t ap chache apwi ekonomik nan men kèk kamarad, zanmi pou eseye kouvri kèk depans. Epi, altènativ la se rekòmanse ak tout aktivite difizyon enfòmasyon ki te poz, kontinye ranfòse teknik ak lanse RAE sou bann FM nan. RAE ap kontinye chache apwi ekonomik bò kote moun ki entèrese a RAE pou kore depans aktivite radyo a.

RAE sezi Okazyon sa, pou li di: Kondoleyans ak fanmiy, kanmarad, kolaboratè, zanmi vanyan fanm ki tonbe akoz maladi li nan semenn ki pase la yo nan Pòtoprens se Marie Guyrleine Justin ki se direktris Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen (REFRAKA). Fanmiy li ap chante Antèman li nan legliz katolik Grangwav Samdi 30 Septanm 8 tè nan maten ak, ekspozisyon kadav la 7 tè nan Maten.

Videyo :

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %