Nouvèl Tobout

O P E kondane atak ki fèt sou 2 jounalis RAE.

Obsѐvatwa Pou Egalite (O P E) Sezi ak tande fason 2 ajan sekirite Lopital Jeneral Okay Duckens Théodore ak Darlѐne ensikoni, kraze kamera Canon, linѐt ak bourade, maltrete, pwente zam sou direktѐ Obsѐvatwa Pou Egalite, jounalis Jean Claudy Aristil ak kameramann repòtѐ Radyo Ayiti Egalite ( RAE ) Jocelyne Thessa, Mѐkredi 24 Jiyѐ 2024 la, bò 1 nѐ nan aprѐmidi nan Lopital Jeneral Okay la.

Zantray nou ap dechire tou, lѐ nou aprann nan menm evenman sa gen yon polisye UDMO ki rele Jodel ensikoni ki di : li se SDPJ ki pa te vle montre kat polisye li, lѐ jounalis yo te mande pou li idantifye li anvan menm li te rive sezi telefòn jounalis jean Claudy Aristil la, ki se yon galaxi S 10 +. Answit, li te egzije jounalis Claudy pou te akonpaye li pou ale nan SDPJ, Konsa, jounalis la te reziste li pa te ale.

Nou paka konprann, pou se ajan konpayi sekirite Delege Sid la Me Ketnor Estinvil ki ap bay Lopital Jeneral Oaky la sekirite. Nan ka sa, ann gade, ki bagay ki parѐt dwòl? anpremye, prensip administratif yo entѐdi pou se biznis yon otorite nan leta k ap vann sѐvis bay enstitisyon menm leta sa. Tout sa, se pou anpeche konfli enterѐ. Dezyѐm bagay, Lopital Jeneral Okay se Polis Nasyonal ( PNH ) ki sipoze la pou bay li sekirite. Li pa ta oblije jwenn lajan pou l ap peye konpayi sekirite prive chak mwa, epi, anplwaye li ap fѐ grѐv nan dѐnye jou yo la pou plis pase 36, 33 mwa depi yo pa ka touche.

Nou mete 2 men nan tѐt nou, lѐ avoka jounalis yo al eseye rekipere telefòn Jean Claudy a, responsab SDPJ a di li pa te genyen SDPJ ki te ale nan lopital la sou evenman ki te pase a, nan kad jounalis yo ki sibi vyolans fizik ak telefòn yo, yo sezi, plis kamera yo, yo kraze a. Sa ta vle di, UDMO sa, ki di : se SDPJ li ye a, se manti l ap bay. UDMO sa, se sekirite delege Ketnor li ye, epi, se li ki reskonsab fe fomasyon pou konpayi sekirite delege Sid la selon, tout enfòmasyon nou jwenn bo kote popilasyon an.

Tѐt nou anfle, lѐ delege Sid la Me Ketnor mande pou responsad SDPJ a, jere li nan kad telefòn jounalis la ki nan men UDMO ki di li se SDPJ a, ki se sekirite delege a. N ap mande kisa li vle di, lѐ li di, pou yo jere li a?

Nou pa konnen ki kote nou kad, lѐ avoka nou se anba redi li resi jwenn yon jij depѐ nan tribinal depѐ Okay la ki deside pou li vin fѐ konsta jounalis yo ki viktim vyolans 2 ajan sekirite delege Sid la Me Ketnor Estinvil k ap travay lopital la.

Nou fristre pou nou wѐ malgre ka flagrans nan kad dosye sa, pou dirijan yo pa fѐ okenn arestasyon deja, malgre, yo okouran.

Nou wѐ, dirijan yo pa wont, pou yo pa parѐt kòm konplis, kòm sispѐk, kòm moun ki deyѐ zak malonѐt sekirite konpayi sekirite delege Sid yo fѐ sou jounalis RAE yo. Paske, yo fѐ silans, yo fѐ dilatwa, yo trennen sou sa k pase a.

Nou santi, se yon wont pou sosyete a, koz, pou mepri dirijan yo genyen ak responsabilite yo pa pran pou fѐ ak respekte libѐte laprѐs, ak, pou pwoteje jounalis yo nan egzѐsis metye yo. Kòm nou tout konnen deja dirijan nou angaje pou respekte tout atik andan konstitisyon Ayisyen an, tout tѐks de lwa, tout konvansyon entѐnasyonal ki defini prensip libѐte laprѐs la.

Obsѐvatwa Pou Egalite ( O P E ) aprѐ nou fin analize fѐ yo :

A) Nou kondane ak denonse zak vyolans sa yo, 2 ajan konpayi sekirite delege Sid la, Ketnor Estinvil fѐ sou jounalis RAE yo ak telefòn jounalis la, UDMO sekirite delege Ketnor a sezi a.

B) Nou Mande :

  • Pou komisѐ Gouvѐnman Okay la Me James Jean-Louis mete aksyon piplik anmouvman kont 2 ajan sekirite konpayi sekirite delege Sid la Me Ketnor Estinvil ak, UDMO ki se sekrite Me Ketnor Estinvil la. Ak pou komisѐ Gouvѐnman fѐ dilijans pou jounalis la kapab rekipere telefòn li.
  • Pou Ministѐ Sante Piblik (MSPP) pran tout dispozisyon nesesѐ kont administrasyon Lopital Jeneral Okay ki nan konfyolo ak delege Sid la pou blanchi lajan lopital la antre, sou baz sekirite lopital la. Ak, pou MSPP kase kontra lopital la fѐ ak konpayi sekirite Me Ketnor Estinvil la, ki andeyò tout prensip administratif yo. Ak pou sekirite lopital la fѐt ak ajan PNH yo
  • Pou minis jistis la pran mezi serye pou pѐmѐt jistis la fѐt enpasyal osinon san paspouki. Sitou, nan depatman Sid la, kote jistis la ap bay sou ki kalite moun osinon endividi ki ankesyon.
  • Pou otorite yo respekte, fѐ respekte ak mete annaplikasyon prensip andan konstitisyon peyi ak konvansyon entѐnasyonal relatif sou libѐte laprѐs, pou bon mach metye a. ak pou dirijan yo aplike lalwa kont tout moun san distenksyon k ap pѐsekite jounalis yo nan kad travay yo.
  • Pou jounalis yo ranmase driv yo,pousa ki te pase Tesse Gary a, pa pase yo menm.
  • Pou popilasyon an anjeneral manifeste Solidarite yo ak jounalis Jean Claudy Aristil ak Jocelyne Thessa ki anba menas asasinay reyaksyonѐ, fòs fenwa yo nan Okay.

An nou di ansanm : viv, viv, viv libѐte laprѐs, non ababoukѐt, nou pa p bay legen.

Jean Ricot Gédéon Kowòdonatѐ

Obsèvatwa Pou Pwoteksyon Ak Egalite (OPE) Tel. +50936644809

Lokal : # 22 Bis, Ri, Dѐ Frѐ Ini , Chapantye, Okay/Ayiti

Email : obsevatwapouegaliteope@gmail.com

Facebook/Youtube : Obsevatwa Pou Egalite www.opehaiti.org