Nouvèl Tobout

Yon nouvo komisè nan pakè Okay.

James Jean-Louis nouvo komisè gouvènman Okay la antre anfonksyon Vandredi 28 Jen 2024 la, l ap tann kolaborasyon tout sektè nan jiridiksyon li an, pou mennen travay la nan bon pò.

Nouvo komisè a ki monte nan plas Ronald Richemond ap syeje nan kabinè administratif pakè tribinal sivil Okay la nan jou sa, jistan pasasyon pouvwa a fèt pou li ka syeje nan kabinè komisè gouvènman pakè a. Konsa, li pako gen aksè a okenn dosye. Sa l ap fè pou kounye a se resevwa moun ki gen bezwen rankontre ak komisè gouvènman pakè a.

Pèp Okay la, gen rezèv sou sa, sa ap pote kòm chanjman parapò a jan sistèm jistis la kowonpi nan Okay. Li fè remake, chanje moun nan sistèm nan sa toujou ap fèt, pwoblèm jistis la toujou vin pi mal.

An reyalite kisa ki ta dwe fèt kòm travay nan jistis la, ki pou ta pèmèt pwoblèm jistis la rezoud?