Nouvèl Tobout

Yon fanm mouri ak youn lòt blese ak bal nan katye popilè Dèyèfò.

Estefane Vilmond alyas fafane mouri, ak, Betty Louis blese nan bra goch ak nan tete li, Vandredi 28 Jen 2024 la, bò 1 nè nan aprèmidi, nan enpas Izrayèl katye popilè Dèyèfò Okay.

Mò a nan mòg Misil 727 aprè konsta jij depè. Betty ap resevwa swen nan sal ijans Lopital jeneral Okay.

Selon Betty ak paran Estéfane se bakòp dozado Nisann blan UDMO Okay la ki vide bal sou viktim yo. Tou 2 viktim yo se achte yo te al achte nan men kèk machann nan zòn nan. Konsa, dam ki mouri a se anba bak machann nan li mouri, se nan moman li wè polisye yo li te kouri antre anba bak la.

Debakman lapolis nan zòn nan se pou te trake yon seri jèn gason k ap jwe pokè selon sa moun nan kominote a rapòte. Lapolis deja fè plizyè debakman nan zòn sa pou te depoze lapat sou jèn gason sa yo. Za ki rive lè konsa, jèn gason yo toujou kraze rak.

Se nan lojik sa ki fè 2 moun sa yo viktim jodi a, paske lapolis te deside louvri zam pou jwenn jèn gason sa yo.

Betty Louis ki nan difikilte mwayen pou reponn ak preskripsyon doktè li ap bay li. Nan sans sa, li mande pou komisaya Okay la kouvri tout depans yo, paske, se polisye yo ki mete li nan sitiyasyon sa.

Pwòch fafane deside pote plent kont UDMO yo.

Direksyon polis nasyonal Sid la pako bay Radyo Ayiti Egalite (RAE) okenn eksplikasyon sou Akizasyon zak sa ki tonbe sou do yo a, malgre nou te ale nan komisaya pou rankontre yo.

N ap eseye analize osinon chache konprann ki rezon ki ta fè oubyen ki ka fè UDMO yo ouvri zam nan zòn nan, jistan moun mouri ak blese anba bal?

Pou abitan yo, pa te gen sitiyasyon lòt moun ak zam nan men yo ki pou ta fè lapolis tire sou yo konsa.

Sa ka gen anviwon 2 lane depi lapolis Okay te masakre yon bann moun nan dèyèfò. Jis jounen jodi a paran viktim ak viktim yo pako jwenn jistis.

Nan zak sa ki fèt sou popilasyon an 28 Jen 2024 la, eske kominote Dèyèfò a pral espere l ap jwenn jistis?

Ki kalite batay popilasyon Sid la ta dwe mennen pou anpeche popilasyon Dèyèfò a kontinye viktim konsa? Ak pou li ta jwenn jistis?