Nouvèl Tobout

Komisè Richemond nan kanpe lwen depi 27 Jen 2024.

Nan yon lèt ki date 27 Jen 2024, k ap sikile sou rezo sosyal yo. Lèt sa, ki pote mak ministè jistis ak sekirite piblik Ayiti. Ak, siyati minis nan Carlos Hercule, mete andisponibilite jiska nouvèl lòd komisè gouvènman pakè tribinal sivil Okay la Me Ronald Richemond.

Selon lèt la, minis Carlos fè konnen: desizyon sa pran se pou limyè kapab fèt sou anpil malvèsasyon pèp Sid la akize komisè gouvènman Richemond.

Sou baz sa enstitisyon yo ap kreye yon komisyon endepandan k ap enpasyal pou mennen ankèt nan kad dosye sa.

3 nan dosye non komisè gouvènman Richemond plis site kòm prezime asasen oubyen kriminèl se: dosye asasinay animatè patannte emisyon gran lakou sou Lebon Fm Tesse Gary ak anviwon 2 moun ki te asasinen nan manifestasyon ki te fèt devan èpòt Antwann Simon Okay la, sa gen anviwon 2 lane a, ak, jèn gason ki te asasinen nan manifestasyon ki te fèt Kanperen pou te jwenn elektrisite nan komin nan, sa ap kouri sou yon lane.

Pou kounye a li pi fasil pou viktim yo ap paran viktim yo al depoze plent kont komisè gouvènman Okay la Ronald Richemond ak tout konplis li yo, paske Ronald Richemond pa chèf pou kounye a.

Nouvèl sa ki rive depi bò midi Jedi 27 Jen an, oral mete fen touswit aprè nan fonksyonman pakè a ki te kòmanse fonksyone bò 10 zè nan maten.

Answit, gen kèk moun nan popilasyon an ki fè sezisman lè yo aprann nouvèl la. Konsa, gen lòt ki swete lajistis pran tout mezi nesesè pou anpeche Ronald Richemond kouri kite peyi a, pou li rete la pou yo jije li. Ak, gen lòt ki panse desizyon sa pran twòp tan.

Se Me James Jean Louis Minis nan chwazi pou ranplase annatandan komisè gouvènman Okay la Me Ronald Richemond.

Antouka se pa premye fwa lèt revokasyon Richemond rive aprè li tounen. Pou listwa, lèt revokasyon Richemond gen nenpòt 3 fwa li rive, aprè li tounen.