Nouvèl Tobout

Ofis Pwoteksyon Sitwayen Sid mete an kesyon respè dwa moun yo nan vil Okay.

0 0

Pierre Roldy Maurice direktè Ofis Pwoteksyon Sitwayen ( OPC ) Okay, Jedi 15 Fevriye 2024 la denonse kantite moun ki viktim represyon bò kote yon seri endividi nan vil Okay, sitou nan lè mouvman leve kanpe kont pouvwa Ariel Henry nan dènye semenm yo . Se nan moman li te al fè swivi nan tribinal premye enstans Okay la, sou dosye Mirtyle Marcelin ki fèmen nan prizon depi, anviwon 4 jou a li pwononse li fason sa.

Li di toujou, li deja ap mennen ankèt pou konnen kiyès ki otè anviwon 4 moun ki mouri anba bal ak anviwon 20 blese pou jou mouvman an sèlman.

Konsa, l ap travay jis nan bout pou lajistis jije ak pini otè sa yo selon lalwa, pou zak sa yo pa rete enpini ak pou viktim yo kapab jwenn jistis ak reparasyon.

Nou ap mande nan ki pwen pwomès sa yo ap rive respekte?

Se pa premye fwa divès sektè nan depatman an ap fè deklarasyon sa yo, se rete popilasyon an rete li pa janm wè anyen fèt tout bon vre.

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %