Nouvèl Tobout

Mirtyle Marcelin alyas Arab transfere nan lòt jiridiksyon.

0 0

Mirtyle Marcelin alyas Arab transfere nan yon lòt jiridiksyon nan Ayiti, ki rete enkoni jis kounye a. Se bò 2 zè nan aprèmidi Jedi 15 Fevriye 2024 la transfè sa fèt, kote, Otorite prizon sivil Okay yo soti Arab nan prizon an mete li nan machin ale ak li san konnen direksyon final la, pou ale mete li nan transpò. Eske se avyon, bato osinon machin. Se komisè gouvènman Okay la Ronald Richemond ki bay lòd pou transfè sa. Sesa Avoka Arab la, Eudras Delva kominike RAE bò 3 zè nan aprèmidi .

Konsa, bò 11 zè nan maten menm Jedi a, Mèt Eudras te nan tribinal premye enstans Okay la pou te tante yon aksyon an abeyas kòpous pou te eseye jwenn liberasyon kliyan li an ki pa te posib nan moman an, akoz pa te genyen dosye kliyan li an ki te janm rive nan grèf tribinal sivil la, menm lè kliyan li an te deja gen anviwon 4 jou nan depo. Mèt la te oblije pase nan faz anwole dosye senpleman.

Jan sitiyasyon an vin evolye kounye a, Arab pa sou jiridiksyon Sid la pou kounye a.

Pou ki rezon se nan jou sa, Otorite jistis nan Okay deside transfere Mirtyle Marcelin alyas Arab nan yon lòt jiridiksyon?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %