Nou tout an danje pou nou disparèt, se lavi ak byen nou an jeneral ki menase.
Kot yo (bò lanmè), jaden, mangòv, pwason, pye bwa, sous dlo, kay, aktivite travay nou ap disparèt chak jou pi plis akoz rechofman planetè a.
Rechofman planetè a pran fòm siklòn, sechrès, inondasyon. Katastwòf natirèl sa yo vin pi plis, pi vyolan chak ane, fè fè plis ravaj anfonksyon kantite moun, bèt ki mouri, ki disparèt, ak, kantite byen ki detwi.
Moun (endistriyèl yo) lepi souvan, ki kontribiye nan rann lavi prèske enposid sou tè a, akoz anbisyon fè plis richès posib, pako fè bak sou fason y ap pwodwi ki koz an fòt pousantaj, rechofman klimatik la konsa.
Popilasyon planèt k ap viv evenman sa yo, ki viktim anpil fwa, yo pè, yo santi yo pa an sekirite, y ap mande jis ki kote sa ap rive.
Pèp depatman Sid la ki kontinye viktim zafè rechofman planetè a, komin Ilavach ki se youn nan viktim yo, nan 2 zyèm semenn mwa Dawou 2023 a, RAE ki te la nan kad vizit te rankontre ak moun nan Kay Kòk, pwent Lès sou pwoblematik anviwonman zile a.
Yo te eksplike: lanmè a, siklòn ravache bò lanmè a anpil, sa ta vle di, lanmè antre nan bon pati tè a nenpòt you kilomèt, kantite kay, pye bwa ki detwi yo pa ka kontrole. Yo fè remake sa gen anviwon 20 lane depi sitiyasyon vin konsa.
Peyizan yo eseye montre gen lòt koz ki fè lanmè ap antre nan tè a konsa, yo di genyen kèk moun ki voye arebò kot la pou pran sab, ròch pou vann bay chantye mason, ak, bwa mang nan ki te la pou pwoteje kot la kote, depi plizyè lane gen moun ki pran bwa sa yo vann li bay bòs mason pou fè poto mete nan kay.
Yo eksplike Otorite yo pa motive reyèlman pou akonpaye popilasyon Ilavach la, nan sousi pou limite dega yo.
Ministè Agrikilti/Anviwonman nan etid yo deja fè sou zile a parapò a rechofman klimatik la, se chak jou gen bon kantite tè k ap pèdi nan tèritwa Ilavach la. Espè yo eseye montre si pa gen mezi akonpayman popilasyon pou limite dega, nan lane pi devan yo zile a kapab menm disparèt.
Jean Claudy Aristil