Nouvèl Tobout

Madanm Tesse Garry deside atake komisè Richemond.

Madanm Tesse Garry deside pote pwosè mari li a ki te mouri asasinen nan tribinal administratif Pòtoprens nan, nan mwa k ap rive la yo. Li anonse sa nan yon konferans pou laprès li bay bò 10 zè nan maten, Madi 4 Jen 2024 la, devan tribinal sivil Okay la.

Madanm Tesse Garry fè remake, tou dotan Ronald Richemond la kòm komisè gouvènman Okay la, dosye jijman moun non yo site nan asasinen Tesse la ap toujou falsifye. Tankou, komisè Richemond ki se premye sispèk nan lanmò mari li, pou se li menm ankò k ap mete aksyon piblik ann mouvman kont kriminèl sispèp yo.

Sou baz sa, li eseye montre komisè Ronald Richemond deja falsifye dosye Tesse Garry ki devan kabinè denstriksyon, jistan jij denstriksyon Robert Jourdain ki te sou dosye a, akoz menas l ap resevwa ak wè li pa wè klè sou fason pakè a ap trete dosye a, li oblije demisyone. Sa lakoz pou kounye a, se jij Jean Michelet Séide k ap enstri afè a depi anviwon yon mwa sa genyen.

Selon madanm Tesse, komisè gouvènman Ronald Richemond twoke deklarasyon akizasyon sou asasinay Tesse Garry fanmiy nan te fè nan premye tan yo devan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) Okay la, kont li menm komisè a, kote, li mete plent akizasyon sa kont Geurland Hyppolite nan plas pa li, jistan komisè a te fèmen Geurland nan prison pandan yon bann mwa anvan li te vin jwenn liberasyon li.

Madanm Tesse reyalize premye bagay otorite lajistis yo dwe fè nan moman sa, se ekate Ronald Richemond nan plas komisè gouvènman Okay la, mete li adispozisyon lajistis, pou tout swivi nesesè kapab fèt sou dosye asasinay Tesse la.

Tesse Garry, se te animatè patannte emisyon gran lakou sou Lebon Fm Okay. Li te kritik parapò a abi, enjistis otorite yo sitou komisè Ronald Richemond ap fè sou moun ki pi pòv yo. Se nan peyòd sa yo, li vin mouri asasinen, kote popilasyon nan lokalite Foko sou komin Okay pral jwenn kadav li fas ba atè, epi, prèske tout kò li rache, je pete ak, yon pati nan kò li boule, nan dat 18 Oktòb 2022, ki donk 6 jou aprè disparisyon li.