Nouvèl Tobout

Lekòl la relouvri you tikras nan Okay Lendi 19 Fevriye 2024 la.

0 0

Kèk lekòl relouvri pòt yo nan komin Okay Lendi 19 Fevriye 2024 la, elèv ak pwofesè pa reponn an gran nonb.

Direktè Konplèks Edikatif Modèn ( CEM ) Bonnet Guybonce reyalize se tikras pa tikras elèv yo ap fini pa retounen lekòl. Konsa, li espere Madi k ap 20 Fevriye a ap gen plis elèv.

Yon lòt bò, direktè CEM nan esplike, mouvman pwotestasyon politik, ekonomik, sosyal yo kapab toujou fèt nan lari a, san sa pa bezwen paralize fonksyonman lekòl yo.

Pozisyon Bonnet a vini, parapò ak mouvman leve kanpe nan Sid la pandan anviwon 4 dènye semenn yo la ki te anpeche lekòl yo mache a.

N ap mande jis ki lè mouvman politik yo nan Ayiti ap sispann gen konsekans sou aktivite lekòl yo?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %