O P E ap travay pou tout moun konnen dwa yo pou konstwi bon kominote pou sekirize lavi yo.
Obsèvatwa pou konkretize rèv sa, nan kad aktivite li yo, li òganize konferans deba nan lokal li Chapantye/Okay, Ri, 3 Frè Ini, Samdi 28 Oktòb 2023, soti bò 9 vè rive midi sou tèm: Edikasyon pèp Sid sitou Fanm ak Ti Fiy pou dwa Ekonomik/Sosyal/Kiltirèl/Politik/Sivil yo: Analiz Ak Pèspektiv.
Enjenyè/Ekonomis François Giraud ak Me Pierre Ézéchiel Vaval se 2 entèvenan sa yo O P E te chwazi pou debat tèm sa ak patisipan yo.
A) François Giraud kalifye mòd Ekonomi Rant Ayiti a sa pa mache, sa ki pi mal la fòm ekonomi sa makonnen ak koripsyon.
Li konstate gen mafyozo ant biznismann yo ap dirijan leta nan tout nivo. Biznismann yo ap tann pwoteksyon, avantaj ak eksplwatasyon sou privilèj sitou, nan zafè dwàn ak lalwa, epi, Otorite yo ap tann lajan.
François panse, you Ekonomi ki chita sou konkirans ak efisyans li t ap fè plis sans pou Ayiti. Li reyalize sa t ap pèmèt nou itilize mwayen ki nesesè yo ak sifizan pou nou rive kote nou swete yo.
Li wè, se t ap posibilite pou nou itilize kad, matyè premyè nou genyen nan peyi a, olye nou al chache li deyò, anplis, se ta jwenn bon jan èd k ap bay bon jan elan ak kalite ekonomi sa.
François pou pwoblèm ensekirite fonsyè a rezoud kounye a, li deja konsidere pwoblèm ensekirite fonsyè se you gwo sous koripsyon ki konstitiye gwo blokaj pou envesisman nan Ayiti.
B) Me Pierre Ézéchiel Vaval, te ale sou dwa timoun pou li di timoun yo gen dwa tankou tout moun. Li enpòtan pou tout moun konnen dwa timoun yo, pou yo pa tonbe anba sanksyon lalwa.
Ézéchiel te pran kòm egzanp paran ak pwofesè k ap bat timoun, yo an dezakò ak lalwa, fòk yo sispann fè sa.
Li fè referans ak lalwa Ayiti, konvansyon relativ sou dwa timoun ki kondane tout sòt vyolans kòporèl osinon tòti k ap fèt sou timoun. Li di, kèlkelanswa moun ki ta fè sa l ap gen pou parèt devan lajistis pou l jije pou zak sa.
Answit, Ézéchiel Vaval te gade diferans lalwa etabli sou nasyonalite ak sitwayen oubyen a ki laj ou sitwayen Ayisyen.
Vaval montre depi ou tou piti se Ayisyen pa gen pwoblèm la, anplis, lè ou vin gen 18 lane ou majè, ou kapab vote tou. Li di, sèl bagay pou w konnen se nan laj 25 kan ou vin sitwayen, ou ka jwi dwa politik ak sivil yo tankou, pote w kòm kandi elatriye. Li eksplike tou ou kapab pèdi dwa politik ak sivil yo lè ou kondane pou krim touye moun kòm egzanp selon lalwa.
Kèk patisipan pa dakò sou 2 aspè ak lalwa Ayisyèn ki defini sou ki jan pou w sitwayen ayisyen an:
1) Sou laj fòk ou gen 25 kan, yo panse lwa sa ekskli jèn yo ki gen mwens ke sa, pou yo pa kapab pote yo kandida elatriye.
2) Lwa sa divize dwa moun yo, yo panse, sa leta Ayisyen pa te dwe fè, paske dwa moun yo enseparab.
Yo reyalize, lwa sou sitwayen an dwe ranmase dwa tout moun yo genyen, ki donk dwa Ekonomik/Sosyal/Kiltirèl/Politik/Sivil yo ak dwa kolektif/anviwonman pèp yo, epi, dwa a lavi.
Enjenyè/Ekonomis François Giraud ak Me Pierre Ézéchiel Vaval mande pou dirijan yo ak sosyete sivil dwe aji vit, apati remak sa yo, yo fè la, si yo vle dwa Ekonomik/Sosyal /Kiltirèl/Politik/Sivil pèp Sid la sitou Fanm ak Ti Fiy yo respekte.
Jean Claudy Aristil