Nouvèl Tobout

Deba nan legliz Bodomik/Baradè sou koz ki fè sous dlo yo sèch.

Fidèl legliz Bodomik, kèk lòt endividi nan kominote a, ak 2, 3 kamarad ki soti nan Nòdès, Nò, Lwès, Sid patisipe ansanm nan deba ki fèt nan legliz la sou koz ki fè sous dlo nan Bodomik 2 zyèm seksyon komin Baradè a sèch. Sa pase nan 3 zyèm semenn mwa Dawou 2023.

Yo reyalize se: pye bwa ki koupe nan lokalite a, siklòn osinon tanpèt ki frape zòn nan pi souvan kounye a ak Tranbleman Tè 14 Dawou 2021 an ki ravaje tè kote sous dlo yo ye a.

Yo panse pou pwoblèm nan rezoud fòk ta gen mezi ki pran pou akonpaye moun k ap koupe pye bwa, pran kèk mezi pou pwoteje pye bwa yo kont moun k ap koupe yo. Answit, mete ponp pou eksplwate dlo rivyè Baradè a pou peyizan yo sitou sila Bodomik yo ka soti nan pwoblèm dlo a.

Jean Claudy Aristil