Nouvèl Tobout

Kay pou 2 seksyon nan kavayon.

0 0

Kòdinasyon òganizasyon Komin Kavayon (COCC) deja konstwi 25 kay, ak nan jou sa yo la l ap reyalize anviwon 40 kay ankò.

Li pran inisyativ sa, nan objekti pou ede plis pase 1980 fanmiy nan 2 zyèm seksyon Matino ak 5 kyèm seksyon Laròk komin Kavayon rezoud pwoblèm lojman nan zòn nan.

Tèt Kole ak lòt òganzasyon komin nan mete COCC sou pye pou sa, se depi lè siklòn Mathieu, epi, vin jwenn ak Tranbleman tè 14 dawou 2021 an.

Estrikti a, se moun ki pi nan nesesite yo, yo bay kay yo. Benefisyè yo, yo responsab pou fè kwizin ak twalèt yo. Kay yo gen anviwon 3 pyès.

Inisyatè yo fè remake, konstriksyon yo, plis ou mwens kapab reziste devan siklòn ak Tranbleman Tè. Saint Cyr Antoinier manm COCC pataje enfòmasyon sa yo ak RAE nan mitan mwa Dawou 2023.

Jean Claudy Aristil

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %