Ansyen Gouvènman Martelly/Lamothe te pibliye dekrè 10 Me 2013 ki te deklare Ilavach Pwojè Destinasyon Touristik. Pwojè sa te jwenn rezistans Konbit Peyizan Ilavach ki te bloke l depi nan derape li an 2014. Depi lè a, rive jis an 2023, genyen you silans bò kote prensipal majò jon pwojè sa ki jouke nan Pòtoprens, tankou: ansyen prezidan Joseph Michel Martelly, ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe, ansyen sekretè deta pwodiksyon agrikòl Frisner Dorsaint, Stéphanie Balmir Villedrouin ansyen minis touris. Ak kèk reprezantan ki jouke nan Ilavach tankou: Fritz Cézaz ansyen majistra, answit, Karine Condé ki tabli nan Okay, ansyen direktris Ministè Touris Sid. Ak Akizasyon ki sou do Otorite sa yo ki blanchi kòb petwo Karibe nan pwojè sa. Sitiyasyon sa, fè kèk kiye panse pwojè sa kanpe, oubyen tou ak dekrè 10 me 2013 la ki toujou sou pye a, se malè pandye sou tèt popilasyon Ilavach la.
Kounye a ann mete 2 pye nou sou tè pou nou wè kisa pwojè sa tounen aprè 10 zan.
RAE, nan vizit li te fè Ilavach nan fen 2 zyèm semenn mwa Dawou 2023 li konstate:
– Sit nan lokalite Baleraz, traktè te raboure pou fè ayeropò rete nan nivo raboure senpleman. Otorite yo pa te rive reyalize okenn konstriksyon pou sa, kounye a se mouton k ap manje raje sou li.
– Sit nan menm lokalite Baleraz la, Otorite yo te konstwi komisaya sou li pou te arète ak mete nan prizon tout moun ki pa dakò ak pwojè a pa egziste ankò menm batiman an depatya nan 2016, lè siklòn Mathieu te pase sou depatman Sid/Ayiti .
– Lòt Sit nan Baleraz, dirijan yo te pran pou konstri lokal pou mete mateyèl ak loje ouvriye yo rete andeyò tout sèvis sa yo ki te anvizaje fèt ladan yo a. Kay sa yo nan move eta, gen youn nan kay sa yo se restoran moun zile a fè ladann.
– You lòt Sit ankò Responsab yo te mete pou fè tèren gòlf ak pou konstwi kèk milye chanm otèl pa gen okenn konstriksyon konsa ki fèt sou li.
Sa Otorite yo te reyalize kòm pwi atezyen nan lokalite Larat, Kay kòk, Soulèt, Madan Bèna pi fò nan yo pa bay dlo oubyen pa p fonksyone. Tou senpleman gen Letan Lokalite twou Melye a dirijan yo te fè nan epòk sa ki kontinye ap sèvi zile a. Answit twonson wout an tè bati ki te fèt ki te relye kèk nan lokalite nou sot site la, plis Lokalite pwen Ès tonbe nan move eta.
Konpayi Estrela ki se film Dominiken ki te responsab reyalize you pati travay nan kad pwojè sa tankou fè wout, apa kèk mateyèl ki rete sou zile a nan sa ki kraze yo, konsa, li deplase pi fò nan mateyèl sa yo sou zile a.
Sa ki te prevwa ankò andan pwojè sa, tankou reyòganize fason pèch la t ap fèt la, nou pa wè anyen sou sa. Pechè yo toujou ap itilize menm teknik avan yo pou fè pèch la.
Radyo vwal fm Otorite yo te mete kanpe depi nan derape pwojè a pa fonksyone ankò depi plizyè lane. Radyo sa te pami ansanm radyo toupatou nan peyi a gouvènman Martelly/Lamothe t ap peye ak, kowonp you seri jounalis pou te fè pwopagann pou pwojè a te kapab ateri nan mitan popilasyon Ilavach la.
Plan Dirijan yo te genyen pou te deplase popilasyon Ilavach la kanpe nan wout. Se rezistans KOPI a kont pwojè a ki te bloke sa.
Sa fè kèk ane depi reyinyon Otorite yo ak popilasyon an sou zafè pwojè a kanpe.
Konsekans pwojè sa deja genyen sou komin Ilavach:
– Li kite divize kèk moun nan kominote a ki te pou pwojè a ak sa ki pa te pou pwojè a.
– 2 sou 3 moun nou kontakte ta fè nou konnen yo pran byen yo san dedomaje yo. Lòt la fè nou konnen Otorite yo te dedomaje li.
– Nou dekouvri, gen plizyè ekta tè ki te mete la pou pwojè a ki rete la san fè anyen, anpil nan tè sa yo te konn itilize pou pwodwi manje ak eksplwate krab pou moun manje.
– Arète 10 me 2013 la retire dwa abitasyon ak konsesyon pèp zile a.
– Debwaze you seri zòn pou kreye espas pou konstriksyon, lakoz lè siklòn plis dega fèt sou moun, sou bèt ak plantasyon nan komin nan.
Gen Konbit Peyizan Ilavach ki deja pran kòm egzanp siklòn Mathieu ki te ravaje Ilavach se akoz fason Dirijan yo t ap dirije pwojè a nan komin nan. Mete sou sa, yo akize Otorite yo ki kontribiye nan kraze pi plis anviwonman Ilavach la, nan trennen popilasyon an nan plis mizè, nan andikape nan pi wo nivo pwodiksyon manje nan komin nan.
Anfen kont pou moman nan mitan mwa dawou 2023 RAE t ap kite Ilavach la pa gen okenn inisyativ ki t ap pran konsènan swivi k ap fèt sou pwojè Destinasyon Touristik Ilavach la ki gen you bann lane depi li kanpe nan wout la. Ni tou, pa genyen okenn kominike ofisyèl ki soti bò kote leta Ayisyen pou ta di men ki swivi li konte fè sou pwojè a. Èske l ap kanpe pwojè a nèt? Èske l ap kanpe arète 10 me 2013 la? Oubyen men ki lè li konte redemare pwojè a? Ak, men pou kisa li pa deside osinon li pako antre arète 10 me 2013 la?
Sou bò kote KOPI k ap fè rezistans kont pwojè sa, nou remake 2 enkyetid k ap travèse manm yo ki chita sou: Arète 10 Me 2013 la leta Ayisyen pako antre a. Youn nan manm yo Gétro Charles panse a nenpòt ki moman dirijan yo kapab antre an posesyon anviwon 45 kilòmèt kare sipèfisi Ilavach la, pouse mete deyò anviwon 25 mil moun k ap viv ladann nan. Answit, li panse koutye, nan dènye tan sa yo la k ap achte dwa konsesyon abitan yo pou revann tè sa yo byen chè bay 2 lòt patikilye a, se estrateji dirijan yo ap itilize pou pran tè yo nan men moun yo pou kontinye vanse ak pwojè a.
Pandan tout tan sa yo KOPI pa deside rekile sou plan batay li anfas pwojè a, kèlkelanswa jan sa ap evolye a. KOPI panse fòk Dirijan yo rann pati kòb petwo Karibe a yo te vòlè nan non pwojè Ilavach la, kote tout moun kapap konstate pa gen pyès anyen seye ki fèt nan zile a nan kad pwojè sa. You lòt bò, Gétro Charles fè remake KOPI ap rapousib avèk pwosesis pwojè plent yo deja antame kont dirijan yo nan zafè pwojè touristik destinasyon Ilavach la nan nivo Nasyonal ak Èntènasyonal pou dedomaje ak repare tout viktim pwojè sa.
Jean Claudy Aristil