Nouvèl Tobout

KOPA ak AAVET denonse Enjistis nan Jistis k ap bay nan Miragwan.

Direksyon Konbit Peyizan Abraam (KOPA) ak Altѐnativ Aksyon Vѐt (AAVET) nan Miragwan denonse Enjistis nan Jistis Otorite yo di: y ap bay nan Miragwan nan. Se nan yon konferans pou laprѐs ak nan yon mach pasifik yo reyalize Samdi 10 Dawou a nan Abraam 4 triyѐm seksyon komin Miragwan, depatman Nip, Ayiti. Yo poze pwoblѐm, Otorite yo ki arete 3 peyizan Abraam enjis pou zafѐ tѐ yo y ap defann, depi, anviwon yon lane sa genyen an, yo kontinye kenbe yo nan prizon enjisteman.

Annou swiv: