Nouvèl Tobout

Lapolis etenn souf Joseme Joseph.

Lapolis Okay voye nan peyi san chapo ( tiye ) Joseme Joseph bo 1 ne nan maten Lendi 12 Dawou 2024 la nan komin Okay. Aksyon sa rive nan moman Joseme te ta dako pou al chache zam li genyen nan sere, pou l te remet lapolis, Jij depe Paul Tharte ak, komise gouvenman Okay la, James Jean Louis ki, te akonpaye li nan demach sa. Ta sanble, Joseme, nan le li rive nan kote li te mete zam nan, olye li te remet zam nan, se chache li t ap baskile zam nan sou otorite yo nan le sa, se sak fe lapolis stope li, dapre sa komise James ta deklare nan lapres menm Lendi 12 Dawou 2024.

Komise a, fe remake yon lot bo, se: ozanviwon minwi operasyon pou te rekipere zam nan, yo te gen enfomasyon ki te nan men Joseme Joseph la, te komanse, nan premye tan yo, yo te ale lakay Joseme, pou fouye, pou te jwenn zam nan, konsa, senpleman, yo te jwenn unifom polis minisipal ak lapolis lakay li. Pou kesyon zam nan se lot kote lapolis stope Joseme nan, li te mennen yo, pou te al chache li.

Selon, tout enfomasyon yo, Komise James, depi avan entevansyon sa a, lakay Joseme nan, te deja ap chache li tankou epenk titet li pa te ka jwenn li, sanble, li te nan mawon. ki donk, Komise a, te deye arete li kom bandi, vole sispek ki te touye elev NS4 la , ak blese yon lot moun ak bal nan mache vale, semenn pase a, pandan li t al vole.

Ronal Richemond, ansyen komise gouvenman Okay la, kriye kou timoun apre zak sa, nan moman li t ap kondane komise James Jean-louis ki touye koyekipye li a, Joseme Joseph. Ajoute, sou yon bann patizan oubyen lot atache Richemond ki, kritike lapolis ak komise James nan fason Joseme mouri a.

Konsa, genyen kek lot moun nan popilasyon Sid la ki, rejwi sou lanmo Joseme Joseph la, yo reyalize se yon sot de jistis pou pep Sid la, parapo a tout krim Joseme te konn fe sou popilasyon an pandan Richemond te komise gouvenman Okay la. Ak tou, yo ankouraje nouo komise a, pou kontinye ak bon travay li komanse fe nan kek komin nan depatman Sid la.

Pou limye, Joseme Joseph, te gen kat li ki pwouve li te ajan detache nan sevis ranseyman ansyen komise Ronald Richemond.

Pou eksplikasyon komise James Jean-Louis bay yo, li rete pou limye fet, pou konnen eske polisye yo te nan ka lejitim defans, ki fe yo stope Joseme Joseph. Oubyen eske, se ekzekisyon some?

Konstitisyon Ayisyen an, osinon lwa andan peyi a, rekonet lejitim defans, men li kondane egzekisyon some.