Nouvèl Tobout

Jackson Dena arete libere.

UDMO arete Jackson Dena nan Pake Tribinal Sivil Okay la, Madi 30 Jiye 2024 la, bo 2 ze apremidi. Arestasyon sa fet touswit, le li te fin bay yon UDMO yon souflet nan Pake Tribinal la.

Jackson te nan pake a, pou li te reponn ak manda ki te deye li pou tet yon kazek li te kase nan lokalite kafoujout komin Senjandisid Dimanch 7 Jiye 2024 la.

Patizan kazek la, patizan kire kafoujout la pe Yves Edmond ak, patizan Guy Numa manm O P E ki te vin sipote plent ki depoze kont Dena ki te deja ap mande arestasyon li pou zak li te fe deja, te aplodi sa ki pase a. Konsa, yo di: yo ta swete se pa fim k ap monte anko

kek moun nan popilasyon an, gen kesyonman sou Jackson Dena ki pote tet li kom moun ki pran 2 bal nan vant li jedi 18 Jiye a, ki opere. paske yo paka konprann pou jackson Dena ki di: li pran 2 bal nan vant ak, li opere, pou avan menm 15 jou sa genyen pou li gentan nan tout aktivite li. Tankou san difikilte, li ale patisipe nan emisyon nan kek radyo nan Okay ak, pou li rive nan pwen pou li nan detire ak UDMO nan pake okay la.

Liberasyon Jackson Dena, se oum! oum!

Piblik Sid la sezi we Jackson Dena, soti nan baye pake tribinal Okay la, monte machin yon Otorite, selon kek temwen se ta machin vis delege Okay la Antoine Leon bo 4 tre apremidi Madi 30 Jiye 2024 la. Pandan popilasyon an tap tann oubyen te panse se nan prizon, lajistis t ap voye li tout boulin pou zak li fe sou yon UDMO nan Sid peyi a ak, mete sou manda arestasyon ki te deja deye depi kek semenn pou zak kase tet ak zam yon kazek nan Kafoujout komin Senjandisid.

Yon nan avoka RAE te kontakte, fe remake, sibtiti komise Maykens ensi koni ki t ap trete dosye a, voye afe a, devan kabine denstriksyon pou swivi, pandan li gen tan libere Jackson. Selon avoka sa toujou, komise a pa te tande UDMO ki pat vle idantifye li a, Jackson Dena te bay souflet la nan pake a, bo midi menm Madi 30 Jiye a.

Jakson Dena,, sonje popilasyon Sid la, nan jou sot pase la yo, nan vyolans tout kalite, li kontinye ap fe sou pep la, yo te denonse li kom milis ansyen komise Okay la Me Ronald Richemond ak, delege Sid la, Me Ketnor Estinvil ak tou, kom manm pati politik Veye yo, Kenold Mathieu ap dirije a.

Konsa, n ap mande eske se yon desizyon jistis oubyen politik ki fe li pa ale nan prizon tout boulin apremidi madi 30 Jiye a, apre souflet li fin bay UDMO a nan mitan Pake okay la?