Nouvèl Tobout

RAE denonse grevis Lopital Jeneral Okay ki atake yon repòtè li.

Grevis Lopital Jeneral Okay atake repòte kameramann Radyo Ayiti Egalite (RAE) Jocelyne Tessa, bò 2 zè aprèmidi Lendi 22 Jiyè 2024 la nan Lopital Jeneral Okay la.

Yo fè presyon sou repòte a, jistan yo fè li efase imaj li t ap pran sou anviwonman Lopital la. Yo fè li konnen imaj pa yo ladann, ak, li pa gen dwa pran imaj yo.

Jocelyne di: si tèlman menas yo anpil, li pa te gen lòt chwa ke efase imaj li te kòmanse pran yo, paske ekip la te fè l konnen si li pa efase imaj li pran yo, y ap kraze kamera a. Ak, yo menm rive fè foto bach li, pou yo kapab regle ak li si pi devan li ta pibliye foto yo.

Direksyon Radyo Ayiti Egalite deplore ak kondane agresyon san vègòy sa, gwoup grevis yo fè sou repòtè Jocelyne Tessa nan kad travay li a. Anplis, direksyon an wè se yon atak kont libète laprès.

N ap mande kisa grevis yo ap kache ki fè yo pa vle imaj yo parèt? Lè nou konnen se yon mouvman piblik y ap fè,an plis Lopital jeneral Okay se espas piblik. Èske moun sa yo k ap fè grèv la konnen sa y ap fè a?Oubyen si yo konnen, èske se pa demagoji y ap fè, yo pa vle parèt tèt yo, pou yo ka toujou al negosye anba chal?

Nan sans sa, n ap mande pou brigan grevis sa yo resezi yo, paske nou ap regle sa jan sa dwe regle si yo ta panse fè sa yon lòt fwa ankò.

N ap mande pou Otorite lajistis yo fè kou yo konnen pou pwoteje libète laprès ak dekspresyon nan peyi Ayiti, jan konstitisyon peyi a egzije yo pou fè sa.

Nou mande pou sosyete a anjeneral fè solidarite ak repòtè RAE a pou menas sa li sibi a.

Viv libète laprès, aba baboukèt.

Bicharra Villarson

Administratè